2 Novanm 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Foto 34 elèv

Lekòl Nan Rejyon Palm Beach Yo Ap Selebre Elèv Demifinalis Pwogram "National Merit" La


"National Merit Scholarship Corporation" (NMSC) anonse 34 elèv nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach rive nan etap demifinal nan 72yèm edisyon anyèl Pwogram Bousdetid "National Merit" la.


Elèv lekòl piblik sa yo rantre nan yon gwoup elit elèv ki nan dènye ane lekòl segondè nan tout peyi a. Yo fè yon pa anplis pou yo kapab jwenn youn nan pi gwo distenksyon akademik yo.


Elèv eksepsyonèl sa yo an konpetisyon pou prèske 6.700 bousdetid ki gen yon valè apeprè 24 milyon dola. 


Dekouvri ki elèv ki fè pati lis elit demifinalis yo.

Pwopoze Kandidati Yon Elèv Eksepsyonèl

Nan Domèn STEM Jodi A

Postè STEM

Èske ou konnen yon elèv lekòl segondè ki gen anpil kiryozite, kreyativite, ak yon pasyon pou dekouvri bagay nouvo?


Pwogram ki onore yon elèv STEM chak mwa a " (STEM Student of the Month) mete an valè pwochen jenerasyon inovatè ak lidè nan Rejyon Palm Beach la.


Chak mwa, y ap chwazi yon elèv eksepsyonèl pou resevwa yon prim lajan ak lòt rekonpans ankò. 


Pwopoze kandidati yon elèv STEM ki merite sa jodi a, epi ede nou selebre lespri briyan k ap prepare fiti nou. 


Alejandra Jimenez

Se Gayan Remèsye Yon Pwofesè Pou Semèn Nan

Yon pwofesè fi ak yon elèv elemantè fi ki ap souri

Antanke yon pwofesè devwe nan pwogram bileng nan Lekòl Elemantè Hope-Centennial, Alejandra Jimenez jwenn mwayen ekstraòdinè pou konekte diferan kilti epi ouvè yon mond opòtinite pou tout elèv.


Li di li fyè anpil de jèn elèv li yo, ki mete tout kè yo nan travay lekòl yo chak jou, pandan y ap fè efò pou yo vin konplètman bileng, pou yo metrize lekti ak ekriti nan de lang, epi pou yo tounen sitwayen mondyal demen.


Gras ak travay di li fè, Madan Jimenez se gayan semèn sa a nan inisyativ "Remèsye yon Pwofesè".

Prezantasyon Espesyal Lekòl: 

Lekòl Elemantè Jerry Thomas

De elèv lekòl elemantè, yon ti gason ak yon ti fi, ki chita sou yon tab ap desinen

Antanke yon lekòl ki fyè dèske li resevwa nòt “A”, se yon espas ekstraòdinè kote jèn elèv yo kapab grandi, fè dekouvèt, ak pwospere. Ekselans se pa sèlman yon objektif; se yon estanda.

 

Vin fè konesans ak elèv epi anplwaye Lekòl Elemantè Jerry Thomas.

 

• Nivo: K-5

• Maskòt: Tig

• Koulè: Jòn ak Ble

 

800 Maplewood Dr.

Jupiter, FL 33458

561-741-9100

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl:

ďťżT. Josephine Abdallah-Miraglia

Asistan Biwo Lekòl - Verde K-8

Foto tèt yon fi ak yon mayo nwa

“Josephine akeyi vizitè yo avèk yon chalè sensè, efikasite, ak pasyans.

 

Li fè plis pase sa travay li mande. Li toujou pare pou ede epi li fè fanmi yo santi yo gen valè.

 

Atitid li ki plen respè, politès, ak atansyon, fè vizit nan biwo a tounen yon eksperyans pozitif. “


Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou jan li bay bon sèvis kliyantèl.

Vaksinasyon gratis pou elèv