19 Oktòb 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Yon elèv gason kanpe ap gade yon ekspozisyon foto

Distri A Kenbe Kalifikatif Prestijye

"Pèfòmans Akademik Siperyè"

 

Depatman Edikasyon Eta Florid rekonèt Distri Lekòl Rejyon Palm Beach yon lòt fwa ankò kòm yon "Distri ki Gen Pèfòmans Akademik Siperyè."

 

Distri a se youn nan 18 distri nan tout eta a ki resevwa distenksyon sa a. Tit "Distri ki Gen Pèfòmans Akademik Siperyè" a rezève pou distri ki gen plis siksè nan eta a. Li reflete yon nivo ekselans nan domèn akademik ak nan domèn operasyon.

 

Rekonpans sa a baze sou yon evalyasyon apwofondi sou pèfòmans nan domèn kle yo, tankou nòt distri a ak lekòl yo, odit finansye, ak kantite elèv pa klas.


Klike la a pou w aprann plis.

Depatman Edikasyon Eta Florid Deziyen Lekòl Piblik

Rejyon Palm Beach Kòm “Lekòl Ekselans”

De elèv tifi ap gade yon tablo

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, yon distri ki resevwa nòt "A" epi ki genyen yon pèfòmans akademik wo nivo, fyè pou l anonse Depatman Edikasyon Florid la rekonèt 45 nan lekòl li yo kòm "Lekòl Ekselans".

 

Distenksyon sa a rezève pou lekòl ki demontre yon pèfòmans akademik wo nivo ki kontinye san rete pandan yon peryòd twazan.

 

Dekouvri ki lekòl yo te deziyen kòm Lekòl Ekselans yo.

Kanè Premye Trimès Yo Disponib Nan SIS Gateway

Grafik yon telefòn pòtab ak afich SIS Gateway

Yo pral mete kanè premye trimès pou elèv lekòl mwayen ak lekòl segondè yo sou platfòm SIS Gateway (Sistèm Enfòmasyon Elèv) nan dat 19 oktòb la.

 

Èske ou gen yon kont? Aprann kijan pou kreye youn epi jwenn aksè nan nouvo Pòtal Paran nou an, ki rasanble tout enfòmasyon ou bezwen nan yon sèl kote.

 

Pòtal la pèmèt ou jwenn aksè nan enfòmasyon elèv la, tankou orè, nòt, dosye disiplin, ak prezans.

Devlope Tout Potansyèl Pitit Ou A - Aplike Kounye A Pou Pwogram "Chwa" Ak Karyè Nan Rejyon Palm Beach La

De adolesan tifi ki kanpe ak mayo mov ap souri

Aplikasyon pou pwogram "Chwa" ou ane lekòl 2027-2028 la ap ofri plis opòtinite pase touttan.


Kèlkeswa lekòl ki koresponn ak zòn rezidans ou a, pitit ou a kalifye pou aplike nan nenpòt pwogram ki disponib nan plis pase 100 lekòl nan Rejyon Palm Beach la.


Yo deja kòmanse aksepte aplikasyon pou pwogram "Chwa" yo.


Dat limit pou aplikasyon pou tout pwogram yo se vandredi 4 desanm 2026.

 

Kimberly James

Se Gayan Remèsye Yon Pwofesè Pou Semèn Nan

Yon pwofesè fi ap pwente yon leson pou yon elèv piti sou yon tablèt

Kimberly James fyè dèske li se yon pwofesè jadendanfan nan Lekòl Primè Glade View, yon lekòl ki gen nòt "A" ki nan zòn Belle Glade la.

 

Madam James di sekrè siksè a se yon atmosfè pozitif nan lekòl la kote tout moun ini tankou yon fanmi; sa parèt klè nan fason manm kominote a te pwopoze non li pou resevwa pri "Remèsye Yon Pwofesè" A.

 

Patnè biznis nou, HCA Florida Healthcare, ki gen anpil jenewozite, te fè Madam James yon sipriz lè yo te ba li yon chèk $500!

 

Klike la pou gade videyo a. 

Prezantasyon Espesyal Lekòl 

Lekòl Segondè Boca Raton

Senk elèv nan yon klas ki leve men yo anlè pou mande lapawòl

Lekòl sa a resevwa nòt "A" depi plis pase 20 an. Chak elèv gen yon oryantasyon ki mennen nan siksè, gras ak yon varyete kou san parèy yo ofri.

 

Vin fè konesans ak elèv epi anplwaye Lekòl Segondè Boca Raton yo.

 

• Nivo: 9-12

• Maskòt: Lenks

• Koulè: Ble ak Lò

 

1501 N.W. 15th Ct.

Boca Raton, FL 33486

561-338-1400

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl: Debra Floyd

ďťżAsistan Administratif Egzekitif - Biwo Legal Distri A

Foto figi yon fi ak linèt ki ap souri

“Debra se yon moun eksepsyonèl ki toujou fè plis pase sa yo mande l pou l ede moun jwenn repons pou kesyon yo avèk jantiyès epi konpreyansyon.

 

Li devwe anpil nan rezoud pwoblèm epi li ede moun ki konsène yo jwenn bon resous yo bezwen.

 

Bonte sensè Debra ak jantiyès li pote anpil byennèt nan kominote a.”


Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou jan li bay bon sèvis kliyantèl.

Vaksinasyon gratis pou elèv