|
Pwochen Etap Nan Pakou W Kòm Elèv Kòmanse La A:
Plis Pase 300 Pwogram, Ak Yon Evènman Ou Pa Dwe Rate
Ane pase a, plis pase 8.000 paran ak elèv te patisipe nan evènman anyèl "Ekspozisyon Lekòl Yo (Showcase of Schools)" la pou yo te kapab jwenn enfòmasyon sou plis pase 300 pwogram espesyal (Chwa) ak pwogram fòmasyon pwofesyonèl (Karyè) ki disponib nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach.
Chak elèv kapab jwenn yon bagay ki enterese yo. Nou angaje nou pou n ede yo jwenn chemen ki mennen nan siksè nan evènman ane sa a ki ap fèt madi 6 oktòb 2026 soti 4 p.m. pou rive 8 p.m.
Evènman an ap fèt nan Shiner Law Group Expo Center, nan South Florida Fairgrounds, ki sitiye nan 9067 Southern Blvd., West Palm Beach, FL 33411. Pakin ak antre gratis.
Klike la a pou w aprann plis.
|