28 Oktòb 2024

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Resous Pou Fanmi Yo
Kalandriye 2024-2025
Santim Ou Ap Travay

Ekspozisyon Lekòl 2024 La Te Prezante Plizyè Santèn Chwa Ak Opòtinite Karyè Nan Distri A

 

Plizyè milye moun te vini nan South Florida Fairgrounds pou patisipe nan Ekpozisyon Lekòl yo Pou Ane 2024 la. Evènman sa a se yon opòtinite pou paran ak elèv yo aprann plis sou plis pase 330 pwogram Chwa ak Karyè nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.

 

Klike la a pou w gade yon rezime evènman an.

 

Aplikasyon pou Pwogram Chwa pou ane lekòl 2025-2026 la ap disponib lendi 4 novanm 2024 nan www.mypbchoiceapp.com.


Gade Kijan 19yèm Aktivite Anyèl Jounen Lekti A Te Òganize

Misyon inisyativ lekti sa a se mete aksan sou enpòtans pou devlope alfabetizasyon bonè ak ladrès langaj pou chak timoun yo fason pou tout jwenn opòtinite antre nan jadendanfan byen prepare pou yo reyisi.


Evènman an ankouraje elèv ak pwofesè toupatou nan peyi a pou yo li menm liv la nan menm jou a. Liv nasyonal yo chwazi ane sa a se "Piper Chen Sings,". Yon envite sipriz, Sipèentandan Burke, te li liv sa a nan plizyè salklas nan Distri a.


Klike la a pou w gade yon rezime jounen espesyal la.


PWOGRAM CHWA AK ADADEMI KARYÈ

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ofri plis pase 300 pwogram chwa ak akademi karyè. Pwogram sa yo pèmèt elèv oryante yo depi yo nan lekòl nan yon karyè ki kapab enterese yo pou avni yo.


Klike la a pou w gade videyo a.

Yon Nouvo Patnè Kominotè Fè Donasyon

Bay Yon Lekòl Distri A  

Nouvo magazen Burlington nan Boynton Beach fè ouvèti espesyal li nan mwa sa a. Magazen an bay Lekòl Elemantè Galaxy E3 yon chèk $5,000. Nan kad inisyativ “Adopte Yon Klas”, don an pral bay pwofesè lekòl yo èd finansye pou founiti ki nesesè nan salklas yo.


Èske w enterese vin yon patnè biznis ak Distri a? Klike la a pou aprann kijan ou kapab patisipe.  

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan

Christin Santiago se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Discovery Key. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $350 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li. Klike la a pou w nonmen yon pwofesè!

 

Klike la a pou gade videyo a!