20 Janvye 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Nou Vle Tande Opinyon W,

Ranpli Kesyonè Sou Efikasite Lekòl La

 

Kesyonè sou Efikasite Lekòl la bay paran elèv ki enskri yo opòtinite pou soumèt opinion yo bay Distri a.

 

Kesyonè a bay enfòmasyon enpòtan pou lekòl yo ak Distri a pou devlope epi kenbe yon Klima Lekòl Pozitif ak Sipòtif ansanm ak yon Kilti Pèfòmans Elve, ki se tèm santral nan Plan Estratejik la.

 

Sondaj la ouvè kounye a epi li ap fini vandredi 13 fevriye 2026.


Kesyonè pou paran yo ouvri kounye a epi li ap fini vandredi 13 fevriye 2026.

PARAN - Klike la a pou patisipe nan kesyonè a.

 

Kesyonè pou anplwaye lekòl yo ouvri kounye a epi li ap fini vandredi 20 fevriye 2026.

ANPLWAYE LEKÒL YO, Klike kadran "SEQ" nan Pòtal ou a pou patisipe nan kesyonè a.


Tande Elèv Nou Yo Ki Ap Di Poukisa Distri Lekòl Rejyon Palm Beach La Se Pi Bon Chwa Yo

Nan pwòp mo pa yo, elèv nou yo ap di poukisa Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la se pi bon chwa yo.

 

Fanmi ki gen elèv ki ap antre nan jadendanfan jiska 12yèm ane kapab aplike pou yon varyete pwogram espesyal nan nivo lekòl elemantè, mwayen, ak segondè.

 

Dat limit pou aplike pou plis pase 330 pwogram Chwa ak Akademi Karyè prèske rive. Aprann plis epi aplike anvan 30 janvye sou paj entènèt Chwa Lekòl Distri a.

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl:

Kettia Nesbitt – Asistan Biwo Lekòl La

Madanm Nesbitt se yon poto mitan nan kominote lekòl la kote nou renmen li anpil. Li ankouraje yon anviwònman ki an sekirite epi akeyan. Li konnen non tout elèv ak paran yo.

 

Menm nan sitiyasyon ki gen anpil presyon, li kenbe yon konpòtman pozitif epi li se yon moun ki devwe pou rezoud pwoblèm.

 

Prezans li se yon kado pou elèv yo ki admire li anpil epi ki konsidere li kòm yon bon konseye yo kapab fè konfyans."

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon.

Fè Konesans Ak Finalis Pri Asistan Direktè Pou Ane A

Gade videyo chak finalis pou Asistan Direktè pou Ane a, ki fè pati pri Selebre Anplwaye Eksepsyonèl yo pou 2025-2026.

 

• Syrenthia Boldin – Lekòl Elemantè Pahokee


• Shari Cirillo – Lekòl Elemantè Blue Lake


• Lauren Hall – Lekòl Elemantè Cypress Trails



• Nadine Wooley – Lekòl Elemantè Allamanda

Prezantasyon Espesyal Lekòl: Lekòl Elemantè Roosevelt

Lekòl la ap devlope lidè apati fòmasyon akademik solid ak aprantisaj pratik. Nou genyen yon laboratwa eSports dènye kri, yon gwoup mizik ak yon pwogram atistik ki aktif, ak plis ankò.

 

Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Roosevelt

 

• Klas: K-5

• Maskòt: Fize

• Koulè: Wouj, Blan, Ble


1220 L A Kirksey St.

West Palm Beach, FL 33401

561-822-0700