17 Fevriye 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Resous Pou Fanmi Yo
Kalandriye 2024-2025
Santim Ou Ap Travay

Gade Ki Lekòl Segondè Ki Genyen

Konkou Akademik 2025 La

 

Nan konkou sa a yo teste konesans elèv yo nan lang, matematik, syans, syans sosyal, atizay, lang etranje, ak lòt ankò.

 

Elèv ki soti nan sis lekòl segondè nan Distri a te patisipe nan konpetisyon an pou ranpòte tit la. Se te Spanish River High School, Wellington High School, Boynton Beach High School, Boca Raton High School, A.W. Dreyfoos School of the Arts, ak Suncoast High School!

 

Suncoast High School genyen premye plas la. A.W. Dreyfoos School of the Arts, dezyèm plas la. Epi, Boca Raton High School twazyèm plas la. Felisitasyon pou twa ekip sa yo!

 

Sis elèv ki gen plis pèfòmans yo pral reprezante Distri a nan konpetisyon pou eta Florid la.

 

Klike la a pou w gade yon rezime final la.

Peryòd Aplikasyon Pou Estaj Etidyan Pandan Ete 2025 La

Ap Ouvri 14 Mas

Estaj Distri a bay elèv ki nan klas onzyèm ak douzyèm ki gen 16 an oswa plis, ak sa ki te gradye nan Distri a ki nan yon kolèj oswa inivèsite, yon opòtinite pou yo jwenn bon jan eksperyans nan yon pakèt domèn.

 

Peryòd aplikasyon an ouvri 14 mas epi ap fini 4 avril.

 

Klike la a pou aprann plis.

Chache Konnen Kijan Ou Kapab Prepare Taks Ou Gratis

"Kanpay Prepare Taks Gratis" United Way of Palm Beach County fè chak ane bay kontribyab ki kalifye yo opòtinite pou prepare taks yo san peye, yon fason konfidansyèl, an sekirite, epi soumèt li sou entènèt. Pou kalifye, revni yon kontribyab dwe $76,000 oswa mwens an 2024. Kontribyab yo kapab kalifye pou jiska $7,830 kredi sou revni yon rele  (EITC).

 

Genyen 2 fason ou kapab chwazi pou w ranpli taks ou a: "Filed For You"/ Ranpli pou ou, ki ofri preparasyon taks an pèsòn, ak "Filed Yourself"/Ranpli Poukonk ou, ou kapab fè sou entènèt oumenm.

 

Klike la a pou aprann plis.

Tanpri Bay Opinyon Sou Efikasite Lekòl Pitit Ou   

Kesyonè Efikasite Lekòl la (SEQ) bay paran yo, elèv ki nan klas 3yèm rive 12yèm ane, ak anplwaye ki nan lekòl yo yon opòtinite pou yo fè responsab distri a tande vwa yo. Repons nan sondaj SEQ a bay enfòmasyon enpòtan ki ede lekòl yo ak Distri a devlope ak soutni Ekselans ak Kwasans Akademik, ak yon Kilti ki konsantre sou Elèv, ki se tèm santral nan Plan Estratejik distri a.

 

Sondaj la ap fèmen vandredi 14 fevriye 2025 pou paran ak elèv yo.

 

Klike la a pou w patisipe nan sondaj la.

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan

Alicia Harp se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl K-8 Hidden Oaks. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $350 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.


Klike la a pou nonmen yon pwofesè!

 

Klike la a pou gade videyo a.