17 Mas 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Resous Pou Fanmi Yo
Kalandriye 2024-2025
Santim Ou Ap Travay

Tcheke Nouvo Seri Nou An Ki Rele "Dèyè Badj La"

 

Nan nouvo seri nou an, ‘Dèyè Badj La’ (Behind the Badge), n ap aprann konnen gason ak fanm vanyan nan Depatman Polis Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, epi mete aksan sou kokennchenn travay yo ap fè pou pwoteje elèv ak anplwaye nou yo.

 

Nou kòmanse seri a ak Ajan Jim O'Sullivan nan A.W. Dreyfoos School of the Arts. Ofisye O'Sullivan di se tankou yon lotri li te genyen lè li te rantre nan Depatman Polis Distri a epi vini travay nan Dreyfoos. Elèv yo ak anplwaye yo di fason li devlope relasyon ak moun nan lekòl la fè yon gwo diferans, li vini yon manm espesyal nan kominote lekòl la.

 

Klike la a pou w gade videyo a.

Gade Kijan Elèv Yo Ap Fè Tande Vwa Yo Pou Enpak Dirab

Prensip fondamantal Fowòm FutureMakers la se pou tout elèv kapab fè tande vwa yo epi fè yon enpak nan Distri a. Pou ede sa rive, elèv nan 25 lekòl te rankontre nan Lekòl Segondè Santaluces pou premye evènman anyèl la. Elèv ki te asiste Fowòm FutureMakers di sa pral ede yo vini pi bon lidè epi ba yo konfyans pou pote nouvo lide nan lekòl yo.


Klike la a pou w gade videyo a.

Mas Se Mwa Mizik Nan Lekòl Nou Yo

Mwa sa a n ap selebre pouvwa mizik ak enpak li sou elèv nou yo. Nou te vizite The Conservatory School @ North Palm Beach, kote elèv ki nan Jadendanfan jiska 8yèm ane eksplore mond mizik la, rit, ak kreyativite. Lekòl la, yo rekonèt ki pwodui anpil gwo mizisyen, genyen yon kokennchenn pwogram akademik ak mizik. Nan anviwònman sa a, elèv yo ap devlope kreyativite yo nan domèn mizik nan itilizasyon teknoloji, inovasyon, ak antreprenarya pandan y ap chèche fè mond la tande vwa yo.

 

Klike la a pou w gade videyo a.

Aplikasyon Pou Estaj Pou Elèv Pandan Ete Ouvri Kounye A

Kounye a, aplikasyon pou estaj pandan peryòd vakans ete a nan distri a ouvè pou elèv klas onzyèm ak douzyèm (ki gen laj 16 an oswa plis) ak sa ki gradye resaman nan distri a ki nan kolèj oswa inivèsite. Pwogram sa a bay elèv yo opòtinite pou yo jwenn eksperyans ki gen anpil valè nan yon pakèt domèn tankou Teknoloji Enfòmasyon, Kominikasyon, Resous Imèn, Polis, ak plis ankò.

 

Dat limit pou aplikasyon an se 4 avril 2025.

 

Klike la a pou aprann plis epi aplike.

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan

Bethany Robins se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Allamanda. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $350 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li.


Klike la a pou nonmen yon pwofesè!

 

Klike la a pou gade videyo a.