27 Avril 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Senk timoun ki chita sou yon tapi atè ap jwe

Aplike Pou Admisyon Nan Plis Pase 100 Lekòl

Nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach Ki Gen Klasman "A"

 

Si w ap chèche yon bon lekòl pou pitit ou, w ap jwenn li nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.

 

Apati sistèm Enskripsyon Ouvè Kontwole a, fanmi ou kapab aplike pou yon plas nan nenpòt lekòl ki gen kapasite disponib, kèlkeswa kote w ap viv. Ou pa limite ak lekòl ki nan zòn ou an, epi nenpòt fanmi ki ap viv nenpòt kote nan Florid kapab aplike.

 

Soumèt yon aplikasyon pou ane lekòl 2026-2027 la pandan Enskripsyon Ouvè Kontwole a, depi kounye a jiska dat limit la ki se Vandredi 22 Me.

 

Aprann plis sou Enskripsyon Ouvè Kontwole a epi aplike.

Chanpyon Kominotè Yo: An n Onore Volontè

Ak Patnè Lekòl Nou Yo

Foto yon timoun ki leve men l anlè ak yon adilt

Sipò kominotè se youn nan kle siksè elèv. Sipò sa a se sa nou te selebre nan Kravis Center for Performing Arts.

 

Pandan Dejene Anyèl Prim Volontè ak Patnè Biznis yo Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la remèsye biznis ak volontè ki bay tan yo, resous yo ak pasyon yo pou lekòl nou yo.

 

Gade videyo aktivite a.

Sipèentandan An Ap Mete Men Nan Pat La: Edisyon Jounen Latè Nan Zòn Natirèl Hypoluxo Scrub La

Sipèentandan Burke ak senk lòt mesye apiye sou yon machin nan yon pak

Nan epizòd sa a, Sipèentandan Michael J. Burke mete ansanm ak pwofesè syans nan Lekòl Mwayen Palm Springs, Heather Magill, ak elèv li yo pou yon eksperyans aprantisaj pratik nan anviwonnman natirèl.

 

Elèv yo ap pratike sa yo aprann nan klas yo sou teren, nan yon patenarya ak Florida Fish and Wildlife Conservation Commission ak ekip Jesyon Resous Anviwònman Rejyon Palm Beach la pou pwoteje ekosistèm lokal nou yo.

 

Klike la a pou gade videyo a.

Monica Hernandez  Se Nouvo Gayan

Pwofesè Pou Semèn Nan

Foto Monica ak yon elèv

Monica Hernandez se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Wynnebrook. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li.

 

Klike la a pou gade videyo a.

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl: Priyesh Patel 

Asistan Administratif Biwo Lekòl Elemantè Egret Lake

Foto mesye Patel ki chita nan yon biwo

"Mesye Patel genyen yon gwo nivo motivasyon ak angajman san parèy pou ede Lekòl Elemantè Egret Lake byen fonksyone. Li genyen anpil efikasite nan aksyon li pran ak fason li kominike ak moun.

 

Anplis dilijans pwofesyonèl li, li ankouraje yon kilti sipò apati apresyasyon li pou kòlèg li yo. Swen ak devouman sensè li fè li yon yon lidè ki gen anpil valè ki pote lajwa nan espas travay la."

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou sèvis kliyantèl.


Inisyativ Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl rekonèt angajman eksepsyonèl yon anplwaye demontre nan travay li pou byen sèvi moun. 

Prezantasyon Espesyal Lekòl:

Lekòl Elemantè Diamond View

Nan lekòl sa a nou kwè aprantisaj ta dwe enteresan. Salklas yo plen ak bagay ki pou eksite kiryozite, inovasyon, ak anpil zouti pou ede elèv yo reyisi.


Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Royal Palm Beach.


• Klas: K-5

• Maskòt: Minye

• Koulè: Ble ak Lò


5300 Haverhill Rd.

Greenacres, FL 33463

561-304-4200


Lis selebrasyon ki genyen pou mwa avril la
Orè Vaksinasyon nan Sant Akèy Distri Lekòl Rejyon Palm Beach
Foto Florida Prepaid ak yon tifi ki ap ri sou li.