|
Sipèentandan Burke Ap Mete Men Nan Pat la:
ďťżPwogram Wobotik
Byenvini nan yon lòt epizòd ak Sipèentandan Burke! Mwa sa a, Mesye Burke ap fè eksperyans pratik ak pwogram Wobotik nan Lekòl Mwayen-Segondè Pahokee, kote l ap travay avèk elèv yo nan konpetisyon pou konstwi epi pwograme wobo.
Gade kijan pwogram dènye kri sa a mete elèv yo sou bon chemen pou karyè nan jeni, syans enfòmatik, ak fabrikasyon gwo teknoloji gras ak fòmasyon espesyalize ak eksperyans konsepsyon nan lavi reyèl.
Aplikasyon pou pwogram Chwa pou ane lekòl 2026-2027 la ouvri kounye a. Dat limit pou aplikasyon yo se vandredi 30 janvye 2026. Vizite paj entènèt Pwogram Chwa Distri a pou plis enfòmasyon epi pou aplike.
|