26 Me 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

N ap Onore Elèv Eksepsyonèl Pwomosyon 2026 Yo

 

N ap kontinye ak seri videyo pou onore eksperyans remakab elèv eksepsyonèl nou yo. Kounye a gradyasyon fini ofisyèlman, genyen anpil nan yo ki ap prepare pou kite anprent yo sou mond la.

 

Gade pou w wè kijan lidè demen sa yo pra l kite mak yo sou mond lan.

Plis Pase Yon Match: De Advèsè Redefini Espri Espòtif

Pafwa nan espò, se pa genyen oswa pèdi ki enpòtan.

 

Pandan yon match lit nan mwa janvye a, konpetitè ki soti nan Lekòl Segondè John I. Leonard nan Greenacres ak Forest Hill nan West Palm Beach te redefini espri espòtif, ak sa sa vle di pou w vrèman yon jwè ekip.

 

Gade kijan elèv yo te aprann bon leson espò kapab anseye.

Prepare W Pou Jadendanfan

Nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach

Nou kontan anpil pou nou akeyi fanmi w epi ede pitit ou a byen kòmanse.

 

Chak nouvo elèv jadendanfan ap resevwa yon twous preparasyon pou jadendanfan ki chaje ak zouti kolore ki fèt pou amelyore konpetans lekti ak matematik apati jwèt.

 

Fanmi yo kapab gade videyo sa yo pou aprann kijan pou yo itilize twous la.

 

Enskri pou jadendanfan pou resevwa twous preparasyon pou jadendanfan gratis ou a.

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl: Americo Ramirez

Jeran Lekòl

"Americo se yon anplwaye devwe ki genyen kalite eksepsyonèl nan travay li nan lekòl la, ak jantiyès li pou tout kominote a.

 

Li kreye yon anviwònman akeyan. Etik travay san fay li ak devouman li pou elèv ak anplwaye yo fè li yon resous ki genyen anpil valè pou kilti lekòl la."

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou sèvis kliyantèl.


Inisyativ Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl rekonèt angajman eksepsyonèl yon anplwaye demontre nan travay li pou byen sèvi moun. 

Prezantasyon Espesyal Lekòl:

Lekòl Elemantè Wynnebrook

Kanpis sa a se plis pase yon lekòl. Se yon kominote vibran kote travay di ak kè mache men nan men. Pwofesè ak anplwaye yo ap travay pou kreye yon anviwònman ki nourisan ak enspiran.

 

Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Wynnebrook.

 

• Klas: PK-5

• Maskòt: Lenks

• Koulè: Vèt ak Blan

 

1167 Drexel Road

West Palm Beach FL 33417

561-598-7400

Yon Mesaj Anastasios Kamoutsas,

Minis Edikasyon Eta Florid

 

Pandan nou rive nan fen ane lekòl 2025-2026 la, tanpri li mesaj fen ane a pou pwofesè ak paran Florid yo, ki soti nan men Minis Edikasyon an.

Tablo lis selebrasyon pou mwa me
Grafik dat vaksinasyon nan Sant Akèy Distri a chak mèkredi nan mwa a.