18 Novanm 2024

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Resous Pou Fanmi Yo
Kalandriye 2024-2025
Santim Ou Ap Travay

Mesaj Sekirite Enpòtan Depatman Polis Distri A

ďťżPou Fanmi Yo

 

Priyorite nimewo en Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la se kenbe elèv ak anplwaye yo an sekirite. Paran ak responsab, nou bezwen èd ou pou asire pitit ou yo konprann ke nenpòt kalite menas kont yon lekòl se pa yon blag epi li kapab lakòz konsekans ki chanje lavi yo. Depatman Polis Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ak patnè polis li yo mennen ankèt anpwofondè sou tout menas yo fè kont yon lekòl.

 

Klike la a pou w gade mesaj videyo Chèf Polis Distri a, Sarah Mooney.

 

Klike la a pou w aprann plis sou FortifyFL epi pou w li anons la.

 

Lekòl Segondè Dwyer Fete Veteran Yo   

Elèv Culinary Arts ak JROTC Army nan Lekòl Segondè William T. Dwyer onore Jounen Veteran yo ak yon konpetisyon espesyal kwit manje. Elèv yo te mete tèt yo ansanm ak veteran lokal yo pou konbine konpetans yo pou yo kreye pla orijinal ak engredyan sipriz. Kolaborasyon an se te yon omaj sensè ki montre kreyativite elèv yo ak eksperyans lavi veteran yo. Se te yon evènman memorab ki te ranpli avèk kamaradri, respè, ak lespri kominotè.

 

Aprann enfòmasyon sou pwogram 330+ Chwa ak Karyè ki disponib nan tout Distri a epi aplike jodi a lè w vizite www.mypbchoiceapp.com.

 

Klike la a pou w gade yon rezime evènman an.

Distri Onore Anplwaye Veteran yo  

Yon seremoni espesyal Jou Fèt Veteran yo te fèt andedan Biwo Prensipal Disti a pou onore gason ak fanm ki te sèvi peyi a epi ki kounye a ap sèvi elèv nan Distri a. Evènman anyèl sa a te genyen ladan l mizik patriyotik ak diskou. Se te yon bon fason pou remèsye moun ki te envesti tèt yo pou garanti libète nou ak fason nou viv.

 

Gade yon rezime seremoni an.

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan

Kristin Walker se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Palmetto. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $350 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li. Klike la a pou w nonmen yon pwofesè!

 

Klike la a pou gade videyo a!

Elèv Yo Tande Istwa Pandan Semèn Edikasyon Olokòs

Aprann nan tan pase: Prèske 300 elèv lekòl segondè nan Distri a te rankontre ak prèske 30 sivivan Olokòs nan yon evènman espesyal pandan Semèn Edikasyon Olokòs la. Elèv yo te gen opòtinite inik pou tande istwa ki te pase nan men moun ki te fè eksperyans yo. Sa te kreye yon konvèsasyon emosyonèl ak emosyonèl yo pa p janm bliye.


Klike la a pou w gade yon rezime evènman enpòtan an.

Yon Edikatè Distri A Nonmen Pi Gwo

Pwofesè Istwa Nan Eta A

Madam Nayyat Bogosyan se yon pwofesè syans sosyal nan lekòl segondè Spanish River ki genyen yon pasyon pou istwa. Antouzyasm ak ekselans sa a nan matyè a te fè li resevwa Pri Pwofesè Istwa Nan Eta Florid pou Ane 2024 nan men Gilder Lehrman Institute of American History.


"Se yon gwo onè paske yo chwazi m," Bogosyan di. "Li enpòtan pou mwen pou m kreye yon plas kote elèv yo kapab apresye diferan kilti, istwa, ak vwayaj."


Klike la a pou li anons konplè a.

N Ap Mande Opinyon Kominote A: Preparasyon Pou Nouvo Orè Lekòl Pou Mwa Out 2026

Distri a apresye opinyon fanmi nou yo, edikatè yo, kominote nou yo, biznis yo ak lòt moun ki gen enterè yo pandan y ap evalye nouvo orè lekòl pou konfòme yo ak lwa eta Florid la.


Pou aprann plis sou twa opsyon yo prezante yo epi pou patisipe nan sondaj la, klike la.

 

Sondaj sou entènèt la ap fèmen lendi 18 novanm a. 11 p.m.

"Chante Sezon An" Ap Mete N Nan Anbyans Sezon Fèt La 

Chak sezon fèt, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la montre konpetans lirik etidyan mizisyen ak chantè ki gen plizyè talan yo. Distri a kontinye fyè anpil de pwogram Atizay li yo epi li ap tann pou l devwale pèfòmans “Chante Sezon an”, yon konpilasyon mizik elèv.

 

Chante sezon an ap pase sou Xfinity kanal 234, AT&T U-verse kanal 99, ak kanal YouTube Distri a, kòmanse Jou Aksyondegras 28 Novanm a 8 a.m., 12 p.m., ak 7 p.m. jiska premye janvye. 

JOU FÈT VETERAN

Dirijan distri yo onore tout anplwaye veteran yo nan yon selebrasyon espesyal

ďťżLendi 11 Novanm 2024.