19 Me 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Gradyasyon Pwomosyon 2025 La

 

Tout seremoni gradyasyon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach yo ap retransmèt ANDIRÈK sou The Education Network (T.E.N.), Xfinity Kanal 235, AT&T U-verse Kanal 99, ak sou Entènèt sou youtube.com/sdpbc/live.

 

Klike la a pou w wè orè gradyasyon 2025 la.

Elèv Klas Tèminal, Sonje Soumèt Aplikasyon Pou Bousdetid Bright Futures 2025 Ou Avan 31 Out

Paran elèv klas tèminal yo, èske elèv ou a soumèt deja aplikasyon pou bousdetid Bright Futures la? Pwogram Bright Futures la ofri plizyè opsyon bous pou ede elèv yo atenn objektif yo. Sonje ankouraje yo soumèt aplikasyon an avan 31 out 2025 la pou yo kapab genyen chans jwenn sipò finansye.

 

Klike la a pou aprann plis epi aplike.

Pwogram Edikasyon Mizik Distri A Nonmen Pou Ekselans Li

Pou nevyèm ane afile, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la resevwa deziyasyon prestijye Pi bon Kominote pou Edikasyon Mizik nan men Nasyonal Association of Music Merchants (NAMM). Prim sa a rekonèt efò kolektif eksepsyonèl pwofesè yo, administratè yo, elèv yo, paran yo, ak manm kominote yo ki te ede fè mizik yon pati nan yon edikasyon konplè pou chak timoun.

 

Klike la a pou w li atik la konplè.

Elèv Lekòl Segondè Doktè Joaquín García Pèfòme Pwodiksyon Mizik Bileng

Elèv teyat mizik nan Lekòl Segondè Dr. Joaquín García fèk fè dezyèm pwodiksyon bileng yo nan "High School Musical." Pwodiksyon an te prezante de pèfòmans anmenmtan, youn an Anglè ak lòt la an Panyòl. Eksperyans inik sa a te enplike kolaborasyon pwofesè Latinos in Action ak yon pwofesè vizitè ki soti Espay, ki te travay pou adapte lirik orijinal la nan yon fason ki te kenbe imè ak enpòtans kiltirèl li.

 

Klike la a pou w gade istwa a WPTV Kanal 5 la. 

Enskripsyon An Ouvri Pou Pwogram Head Start Distri A

Pwogram Head Start Distri a ap aksepte kounye a aplikasyon pou ane lekòl 2025-2026 la. Se yon pwogram gratis ki ankouraje kwasans timoun yo atravè sèvis ki sipòte sante, aprantisaj bonè, devlopman, ak angajman fanmi. Timoun yo dwe gen 3 oswa 4 zan anvan 1ye septanm 2025 pou yo kalify. Genyen 10 lekòl nan Distri a kote w ap jwenn pwogram Head Start la.

 

Klike la a pou aprann plis.

Vizit Echanj Anyèl Pote Konsyantizasyon Kiltirèl Mondyal

Pandan prèske de deseni, Depatman Edikasyon Miltikiltirèl Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la motive konsyantizasyon milkiltirèl apati yon vizit echanj chak ane ak elèv ak anplwaye nan Pwogram Bakaloreya Entènasyonal Ludoteca nan Quito, peyi Ekwatè. Nan dat 12 ak 13 me 2025 la, Ludoteca te anrichi Distri a yon lòt fwa ankò ak vizit yo. Li te bay prezantasyon kiltirèl kaptivan nan sis nan lekòl primè ak mwayen nou yo.

 

Klike la a pou w li plis.

Plezi Pandan Ete Nan Mize Atizay Norton

Make kalandriye w pou w vini patisipe ak nou nan aktivite kreyatif ak amizan nan Norton Museum of Art pandan vakans ete a. Rezidan Rejyon Palm Beach yo kapab vizite Norton Museum of Art nan West Palm Beach GRATIS chak samdi pandan tout sezon ete a. Timoun ki poko gen 12 an ak pwofesè Florid yo kapab vizite gratis chak jou.

 

Klike la a pou aprann plis