27 Oktòb 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Sipèentandan Mike Burke Ap Mete Men Nan Pat La

 

Byenvini nan yon lòt epizòd enteresan kote Sipèentandan Burke ap vizite epi mete aksan sou travay anplwaye nan divès depatman ap fè ak pwogram distri a ofri. 

 

Mwa sa a, Mesye Burke te fè eksperyans pratik nan Akademi Otomobil Al Packer Ford nan Lekòl Segondè Kominotè Seminole Ridge, kote l te travay kòtakòt ak elèv Akademi an nan garaj oto dènye kri yo a.

 

Pwogram gwo teknoloji sa a mete elèv yo sou bon chemen pou yon karyè ki reyisi nan endistri otomobil ak transpò a lè li bay fòmasyon espesyalize ak sètifikasyon endistriyèl.

 

Gade dènye edisyon an.


Ekspozisyon Lekòl 2025 la ap revele tout posiblite ou genyen nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Pase nan Sant Ekspozisyon an nan South Florida Fairgrounds Madi 28 Oktòb, ant 4è aprèmidi rive 8è nan aswè, pou w ka jwenn plis enfòmasyon.

Eskpozisyon Lekòl Yo Ap Prezante

Tout Pwogram Nan Lekòl Nan Distri a

Ekspozisyon Lekòl 2025 la ap revele tout posiblite ou genyen nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Tout lekò yo ap reprezante.


Pase nan Sant Ekspozisyon an nan South Florida Fairgrounds Madi 28 Oktòb, ant 4è aprèmidi rive 8è nan aswè, pou w ka jwenn plis enfòmasyon.


Gade videyo detay yo.

Dan Dudley Se Gayan Inisyativ Pwofessè Pou Semèn Nan

Dan Dudley se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Mwayen Congress. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li. 

 

Klike la a pou gade videyo a.

Lekòl Elemantè Banyan Creek

Se 100yèm Lekòl Red Apple Supplies

Yon gwo bravo pou Lekòl Elemantè Banyan Creek! Lekòl la vini ofisyèlman 100yèm lekòl patnè Red Apple Supplies ak Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach la.

 

Sa vle di pwofesè Banyan Creek yo kounye a vin rejwenn 99 lòt lekòl kote edikatè yo kapab "achte" founiti esansyèl pou klas yo totalman GRATIS. Resous sa a chanje tout bagay pou pwofesè ak elèv yo.

 

Klike la a pou gade videyo a.

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach

Se Meyè Chwa Pou Edikasyon Pitit Ou

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach klase antanke yon distri nivo A. Se yon mak ekselans. Distri a se 10yèm pi gwo distri nan tout peyi Etazini epi senkyèm nan eta Florid la. Distri a Edike, Afime, ak Enspire elèv nan yon anviwonnman aprantisay ki ansekirite kote yo kapab benefisye yon pakèt opòtinite ak pwogram varye pou satisfè tout bezwen yo. Soti nan pwogram chwa, klas nivo avanse, espò, elatriye, genyen anpil rezon ki fè ou dwe chwazi Distri a pou edikasyon pitit ou.

 

Klike la pou w wè kisa ki fè Distri Lekòl Rejyon Palm Beach se Meyè Chwa w.