|
Lekòl Ap Reouvri Lendi 10 Out: Men Sa ou Genyen Pou W Fè Pou W Pare Pou Yon Bon Ane
Premyèman: Enskri Pou Transpòtasyon Nan Bis
Pou Ane Lekòl La
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la egzije pou tout elèv ki ap pran bis pou ane lekòl pou enskri nan Depatman Transpòtasyon nan pòtal "Register Your Ride" la.
Paran ak moun ki responsab elèv yo dwe enskri rapidman pou asire yo asiyen yon bis pou pitit yo. Elèv la dwe gen kat idantifikasyon pou li kapab itilize l lè l ap enskri. Elèv ki nan Pwogram Chwa yo kapab jwenn sèvis transpòtasyon si yo rete nan zòn transpòtasyon Chwa yo deziyen pou lekòl la.
Aprann kijan pou enskri pou transpòtasyon nan bis pou pitit ou.
Si ou genyen nenpòt pwoblèm pou konekte:
• Voye yon imèl bay AskTransportation@palmbeachschools.org. Tanpri mete ladan l non elèv la, nimewo idantifikasyon elèv la, ak yon deskripsyon pwoblèm nan.
• Ou kapab kontakte Sant Apèl pou Transpò tou nan nimewo 561-357-1110. Gen reprezantan ki disponib sèt jou pa semèn, soti 6 a.m. pou rive 6 p.m., epi yo ka ede w tou pou w enskri pou sèvis transpò bis lekòl la.
|