6 Oktòb 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Distri A Ranpòte Deziyasyon Prestijye

Pèfòmans Akademik Elve

 

Depatman Edikasyon Eta Florid deziyen ofisyèlman Distri Lekòl Rejyon Palm Beach kòm yon Distri Lekòl ki genyen Pèfòmans Akademik Elve pou ane lekòl 2024-2025 la.

 

Distri a se youn nan sèlman 13 distri lekòl nan eta a ki resevwa distenksyon sa a. Deziyasyon sa a rezève pou distri lekòl ki gen plis siksè nan eta a, ki reflete ekselans, ansanm ak devouman ak travay di elèv, anplwaye ak fanmi yo.

 

Li plis sou deziyasyon sa a ak pwogram yo ofri ki fè Rejyon Palm Beach gen yon Distri Gwo Pèfòmans Akademik.

Dr. Sonya Welch Nan Lekòl Mwayen Roosevelt Se Gayan Inisyativ Pwofessè Pou Semèn Nan

Doktè Sonya Welch se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Mwayen Roosevelt. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li.

 

Klike la a pou gade videyo a.

Ede Devlope Plan Transpòtasyon Rejyon Palm Beach

Pou Lavni

Yo mande rezidan nan Rejyon Palm Beach yo pou yo patisipe nan Sondaj Piblik Plan Direktè Transpòtasyon pou tout zòn nan.

 

Enfòmasyon yo kolekte nan sondaj la ap ede enfòme pwosesis planifikasyon an epi asire ke y ap satisfè bezwen ak atant kominote a.

 

Klike la a pou w ranpli Sondaj Piblik Plan Transpòtasyon an.

Anbisyon Elèv Yo Pran Vòl Pandan Jounen Karyè

Nan Aviyasyon Nan PBI

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la te asosye avèk plizyè ajans pou montre karyè enkwayab ki disponib pou elèv yo.

 

Soti nan kontwòl trafik ayeryen rive nan antretyen, ak plis ankò, Ayewopò Entènasyonal Palm Beach la ofri anpil opòtinite travay ki byen peye.

 

Gade kijan n ap enspire pwochen jenerasyon an pou konstwi avni yo nan aviyasyon nan Rejyon Palm Beach la.

Nan seri videyo enfòmasyon pou kominote a pou mwa sa a, Direktris Doktè Sandra Moreau nan Lekòl Elemantè Pioneer Park nan Belle Glade ap fè paran ak responsab legal timoun yo konnen enpòtans prezans lekòl.

 

Klike la a pou w gade video a.