27 Me 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Manje GRATIS Pou Elèv Pandan Vakans Ete A

 

Sèvis Manje Lekòl Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap bay manje pandan vakans été a nan divès lekòl ak lokal kominotè apati Madi 3 jen 2025. Dat egzak yo ap varye selon lokal yo. Nenpòt moun ki gen 18 an oswa pi piti kapab ale nan youn nan lokal yo pou resevwa manje gratis. Timoun yo dwe manje manje you sou plas.

 

Klike la a pou w wè lis lokal kote y ap bay manje pandan vakans ete a.

Asosyasyon Edikatè Ayisyen Anonse

Gayan Bousdetid 2024-2025 Yo

Asosyasyon Edikatè Ayisyen Nan Rejyon Palm Beach la bay ane sa a 17 bousdetid $1000 chak pou 17 elèv ki nan lekòl nan Distri a. Asosyasyon an se yon òganizasyon san bi likratif ki la pou bay elèv ayisyen ki ap aprann lang anglè epi ki montre pèfòmans akademik eksepsyonèl yo sipò finansye pou ede yo kontinye edikasyon yo.

 

Klike la a pou w li plis ak wè lis elèv ki resevwa bousdetid yo. 

Kanè Twazyèm Trimès Yo Disponib Kounye A

Kanè twazyèm trimès yo disponib kounye a nan Pòtal Enfòmasyon Pou Elèv (SIS) pou elèv lekòl mwayen ak segondè.

 

Klike la a pou konekte nan Pòtal SIS la.

 

Si w pa gen yon kont SIS? Enskri pou w jwenn dènye enfòmasyon sou elèv yo, nòt, prezans, kondisyon gradyasyon, ak plis ankò.

 

Klike la a pou w jwenn kijan pou ou enskri.

N ap Selebre Pwomosyon 2025 La

Si w te rate seremoni gradyasyon elèv ou a? Pa gen pwoblèm! Tout seremoni gradyasyon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach yo disponib pou gade ankò sou kanal YouTube nou an.

 

Klike la a pou w wè lis seremoni gradyasyon yo.

 

Distri a te selebre plizyè milye gradye ki te mache sou podyòm pou pwomosyon 2025 la. Nan seri videyo ki rele "Senior Spotlight" nou an, nou mete aksan sou talan ak reyalizasyon inik ki fè elèv nou yo espesyal.

 

Klike la a pou w gade seri videyo Student Spotlight la.

Vin Patisipe Nan Festival Fanmi Children’s Services Council Samdi 31 me

Children’s Services Council nan Rejyon Palm Beach ap òganize yon Festival Liv ak Amizman Samdi 31 Me sa a, ant 1è a 4è p.m. nan Bibliyotèk Belle Glade (725 NW 4th St, Belle Glade, FL 33430).

 

Jwi yon apremidi plezi pou tout fanmi an! Aktivite gratis yo genyen ladan yo lekti liv, kado plis pase 1.500 liv, chen terapi, penti figi, kamyon jwèt, atizay ak atizana, mizik, ak plis ankò.

 

Klike la a pou w rete konekte ak Children’s Services Council sou Facebook.

Prepare W Pou W Antre Nan Jadendanfan

Byenvini fanmi k ap rantre nan jadendanfan yo! Pou ede prepare pitit ou a pou premye jou lekòl la, nou ankouraje fanmi nou yo gade seri videyo Getting Ready for Kindergarten / Prepapare pou Jadendanfan nou an sou YouTube. Pandan tout seri a, pitit ou a ap aprann aktivite amizan ak edikatif pandan y ap eksplore lekti, matematik ak ABC yo.

 

Klike la a pou w wè lis videyo a.

 

Seri videyo a sèvi ak materyèl ki nan Twous Preparasyon Pou Jadendanfan an ou te resevwa nan vizit lekòl ou a. Pou jwenn yon nouvo twous, tanpri kontakte lekòl ou a dirèkteman.

 

Klike la a pou w wè paj entènèt jadendanfan Distri a.

Soumèt Aplikasyon Pou Enskripsyon Kontwole

Avan 30 Me

Aplikasyon pou Enskripsyon Kontwole pou ane lekòl 2025-2026 la ouvri depi lendi 14 avril 2025 jiska vandredi 30 me 2025.

 

Rezilta pou aplikasyon Enskripsyon Kontwole 2025-2026 la ap afiche lendi 9 jen 2025. Enskripsyon Kontwole pèmèt elèv yo aplike epi ale nan yon lekòl ki andeyò zòn prezans regilye yo.

 

Klike la a pou aprann plis epi aplike sou entènèt.

Plezi Pandan Ete Nan Mize Atizay Norton

Make kalandriye w pou w vini patisipe ak nou nan aktivite kreyatif ak amizan nan Norton Museum of Art pandan vakans ete a. Rezidan Rejyon Palm Beach yo kapab vizite Norton Museum of Art nan West Palm Beach GRATIS chak samdi pandan tout sezon ete a. Timoun ki poko gen 12 an ak pwofesè Florid yo kapab vizite gratis chak jou.

 

Klike la a pou aprann plis