2 Mas 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Enskripsyon Pou Kan Ete Nan Distri A Ouvri 3 Mas

 

Apati Madi 3 Mas a 6è nan aswè, paran ak responsab legal yo kapab enskri pitit yo nan yon pwogram kan ete nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.

 

Nan moman sa a, paran yo kapab ale sou paj ki rele Eleyo a epi klike sou lyen kan ete a pou wè yon lis lokal ak lekòl ki ofri pwogram yo. Nou ankouraje paran yo pou enskri bonè paske plas nan pwogram yo pa rete.

 

Aprann plis sou pwosesis enskripsyon pou kan ete a.

Jessica Natoli Se Nouvo Gayan Pwofesè Pou Semèn Nan

Jessica Natoli se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Segondè Olympic Heights. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li.

 

Klike la a pou gade videyo a.

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl: Marissa Gerasci

ďťżPatolojis Langaj Nan Depatman Edikasyon Espesyal

"Pandan de dènye ane yo, Marissa te montre yon devouman eksepsyonèl nan ede pitit nou an.

 

Ekspètiz li te esansyèl. Efò san pran souf Marissa ak konpetans inik li fè li rann li yon resous ki san pri nan ekip nou an."

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou sèvis kliyantèl.


Inisyativ Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl rekonèt angajman eksepsyonèl yon anplwaye demontre nan travay li pou byen sèvi moun. 

Prezantasyon Espesyal Lekòl:

Lekòl Elemantè Freedom Shores

Lekòl la genyen pwofesè fantastik ak pwogram enkwayab, tankou pwogram bileng nan. Yo mete anfaz tou sou STEM (Syans, Teknoloji, Jeni ak Matematik).


Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Freedom Shores.


• Klas: K-5

• Maskòt: Èg

• Koulè: Wouj, Blan, Ble


3400 Hypoluxo Rd.,

Boynton Beach, FL 33436

561-804-3100


Patisipe Nan Konkou Redaksyon America250FL La Pou Selebre 250yèm Anivèsè Etazini

Konkou Redaksyon America250FL la ouvè pou tout elèv ki ale nan nenpòt lekòl Florid ki nan klas 6yèm jiska 12yèm ane (lekòl piblik, endepandan, prive, adomisil, oswa vityèl). Y ap chwazi uit gayan (twa elèv lekòl mwayen ak senk elèv lekòl segondè), epi chak gayan ap resevwa yon bousdetid.

 

Patisipan yo genyen jiska 5è aprèmidi lendi 16 mas 2026 pou soumèt redaksyon yo.

 

Klike la a pou plis enfòmasyon ak kijan pou w patisipe.