4 Out 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach Kenbe Nòt "A"

 

Nan dat 7 Jiyè 2025 Depatman Edikasyon Eta Florid anonse Distri Lekòl Rejyon Palm Beach rete yon Distri Nivo A.

 

Sipèentandan Mike Burke di: "Anons jodi a ki fè konnen Distri a resevwa nòt 'A' ankò nan men Depatman Edikasyon Eta Florid demontre devouman fanmi, pwofesè, administratè, anplwaye sipò, ak manm kominote a. Akonplisman sa a se yon temwayaj angajman nou pou siksè elèv. Mwen patikilyèman fyè de elèv nou yo ki te travay di pou yo te resevwa prestijye deziyasyon sa a. Reyalizasyon an kontinye pwouve lekòl piblik Rejyon Palm Beach yo rete 'Meyè Chwa W' pou edikasyon nan kominote nou an."

 

Li plis sou reyalizasyon enteresan sa a.

Prepare W Pou Retounen Lekòl Nan Gade Videyo Nou Yo

Distri lekòl la ap kontan akeyi elèv yo lekòl lendi 11 out 2025.

 

Prepare w pou nouvo ane lekòl la epi aprann plis bagay sou nouvo pòtal paran ki fèk lanse sou Sistèm Enfòmasyon Elèv la (SIS), ki bay enfòmasyon sou enskripsyon pou transpòtasyon nan bis, meni dejene ak manje midi chak jou, kijan pou mete enfòmasyon kontak ou ajou, ak plis ankò!

 

Men lis videyo yo.

Dejene Ak Manje Midi Ap Kontinye Gratis Pou Elèv

Pou Ane Lekòl 2025-2026 La

Nan dat 8 Jiyè, Distri a te anonse yon amannman nan règleman li pou sèvi manje bay elèv yo anba Pwogram Manje Midi Nasyonal Lekòl / Dejene Lekòl la pou ane eskolè 2025-2026 la.

 

Pou yon twazyèm ane konsekitif, Distri a ap ofri dejene ak manje midi gratis bay elèv nan tout lekòl Distri a ak plizyè lekòl ‘charter’ yo.

 

Gade lis lekòl ki ofri dejene ak manje midi gratis yo.

Èske Pitit Ou Ap Pran Bis Pou Ane Lekòl Sa A?

Asire W Ou Enskri Pakou Li 

Distri a egzije pou tout elèv ki ap pran bis pou ale lekòl enskri nan Depatman Transpòtasyon atravè pòtal ki rele ‘Register Your Ride’.

 

Paran ak responsab legal yo dwe ranpli yon fòm enskripsyon pou asire pitit yo enskri nan yon bis. Men detay etap pa etap pou fè sa.

 

Nan efò pou kontinye amelyore sekirite, ede nou asire elèv ou a eskane kat idantite elèv li lè li monte ak desann bis yo. Anplis, aplikasyon ‘Here Comes the Bus’ disponib kounye a pou tout lekòl yo.

Estajyè Pandan Ete Yo Gen Gwo Enpak Nan Salklas Yo

Distri a te akeyi plizyè douzèn estajyè nan lekòl yo pandan peryòd ete sa a pou ede pwofesè yo nan klas Akademi Lekti yo. Se te okazyon pou yo aprann kijan pou jere yon salklas.

 

Pwogram estaj pandan ete a se yon bon fason pou bay elèv lekòl segondè yo ak nouvo gradye yo eksperyans pratik nan karyè ansèyman. Li ede Distri a tou devlope pwòp pwofesè pa l epi fòme pwochen jenerasyon edikatè yo. Elèv yo te apresye eksperyans la.

 

Klike la a pou w gade yo annaksyon.

Nouvo Pòtal Paran Nan SIS Gateway A Se Sèl Kote Pou Jwenn Aplikasyon Ak Enfòmasyon Enpòtan Sou Elèv

Nouvo pòtal paran ki fèk lanse nan SIS Gateway (Sistèm Enfòmasyon Elèv) la pèmèt paran ak responsab legal yo jwenn aksè nan fòm ak enskripsyon pou pwogram atletik ak apre lekòl, enskri pou transpòtasyon, ajoute lajan nan kont lekòl pitit yo, ak plis ankò.

 

Ekran prensipal pou paran ak responsab legal yo pral kounye a gen yon seksyon ki rele "Aplikasyon" ki bay aksè dirèk a plizyè aplikasyon ak sit entènèt itil.

 

Klike la a pou w aprann plis.

‘Edplan Parent Connect’ Ofri Yon Nouvo Fason

Pou Paran Ak Responsab Yo Angaje Yo

Ak Dokiman ESE Ak 504 Pitit Yo

Depatman Edikasyon Espesyal la ap lanse ‘EDPlan Parent Connect’. Se yon sistèm ki fèt pou bay paran ak responsab elèv ki andikape ak sa ki genyen plan 504 yo pouvwa lè yo bay aksè vityèl an sekirite nan dokiman akademik pitit yo.

 

Nouvo sistèm nan senplifye pwosesis pou revize ak siyen dokiman ESE ak 504 enpòtan yo lè yo ofri aksè anliy fasil pou itilize nenpòt kote ki gen yon koneksyon entènèt.

 

Aprann plis sou nouvo sistèm nan.