|
Plis Pase 40 Lekòl Distri Yo Resevwa Deziyasyon
Lekòl Ekselans
Depatman Edikasyon Eta Florid deziyen karant-kat Lekòl nan Distri Rejyon Palm Beach yo Lekòl Ekselans pou ane 2024-2025 la, anba yon pwogram Lejislati Florid la te kreye an 2017.
Pwogram nan bay pi bon lekòl yo fleksibilite administratif ki pèmèt pèsonèl enstriksyonèl ak anplwaye administratif yo kontinye sèvi kominote yo epi ogmante aprantisaj elèv yo nan pi bon kapasite pwofesyonèl yo.
Gade lis Lekòl Ekselans Distri yo.
|