17 Novanm 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Rezime Selebrasyon Jou Fèt Veteran:

ďťżDistri A Onore Anplwaye Ewo Ki Te Sèvi Yo

 

Elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Lighthouse te reyini pou onore gason ak fanm brav ki te sèvi nasyon an. Evènman Jou Fèt Veteran an te vrèman bèl epi emouvan, kote te genyen anpil chante ak lòt selebrasyon pou selebre sakrifis yo.

 

Se te yon opòtinite enkwayab pou kominote lekòl la eksprime pwofon rekonesans li epi anseye pwochen jenerasyon an enpòtans sèvis ak sakrifis.

 

Anplis, Distri a te òganize seremoni anyèl Jou Fèt Veteran an nan Biwo Santral li ki se Sant Sèvis Edikasyonèl Fulton-Holland pou selebre moun nan Distri a ki te reponn a apèl pou sèvi peyi a.

Gade Kanè Elèv Elemantè W La Nan SIS Gateway

Paran, kanè premye trimès pitit ou ki nan nivo elemantè disponib kounye a sou Pòtal Sistèm Enfòmasyon Elèv la (SIS).

 

Pòtal SIS la se yon zouti ki bay paran/responsab legal yo aksè rapid a enfòmasyon elèv yo, tankou orè, nòt, disiplin ak prezans, elatriye.

 

Ou pa gen yon kont? Aprann kijan pou kreye youn epi jwenn aksè nan nouvo Pòtal Paran nou an ki mete tout enfòmasyon ou bezwen nan yon sèl kote.

Sergio Sandoval Se Gayan Inisyativ Pwofesè Pou Semèn Nan

Sergio Sandoval se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Segondè Royal Palm Beach. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li. 

 

Klike la a pou gade videyo a.

Opòtinite Yo San Fen Nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach

Avèk plis pase 330 pwogram Chwa wòdpòte, Akademi Karyè, ak Edikasyon Teknik, nou bati plan pou siksè.

 

Kèlkeswa pasyon w, nou gen pwogram espesyalize pou transfòme li an pwofesyon. Pwogram nou yo bay plis pase 100 sètifikasyon endistriyèl diferan anplwayè yo rekonèt epi apresye.

 

Nan ki karyè ou vle oryante w ? Distri Lekòl Rejyon Palm Beach, ki klase nivo "A", se meyè chwa w!

Prezantasyon Espesyal: Lekòl Elemantè Westward

Lekòl la ankouraje devlopman elèv ak konesans, prensip, epi konpasyon. Elèv nou yo ap travay di pou vini sitwayen konpetan ki pral patisipe ak siksè nan kominote mondyal la.

 

Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Westward yo!

 

• Klas: K-5

• Maskòt: Pantè

• Koulè: Vèt ak Lò

 

1101 Golf Ave., West Palm Beach, FL

33401 | 561-653-5200