2 Septanm 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Lekòl Elemantè S.D. Spady Ap Selebre

Yon Nouvo Espas Aprantisaj


Gras a yon donasyon jenere ki soti nan Betty Harman Warner Reading and Emerging Leaders Fund, kanpis Lekòl Elemantè S. D. Spady genyen kounye a yon nouvo espas aprantisaj enkwayab pou sipò lekti, ak pou elèv ki ap patisipe nan Pwogram Nasyonzini Modèl Montessori a.


Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la fyè anpil de elèv talantye sa yo ki ap fè rechèch epi deba sou pi gwo pwoblèm nan mond lan. Yo vrèman pral rive lwen.


Gade videyo inogirasyon an epi pran yon ti tan pou w vizite

nouvo espas lekti a.


Akademi Konstriksyon Seminole Ridge La Konstwi

Yon Kay Pou Habitat For Humanity

Distri a fyè pou selebre inogirasyon Kay Fanmi Ramsey a, 11yèm kay elèv ki soti nan Akademi Konstriksyon Weitz nan Lekòl Segondè Seminole Ridge la te konstwi.

 

Devouman ak travay di elèv talantye sa yo te gen yon enpak dirab sou yon fanmi lokal. Se yon onè pou nou asosye avèk Habitat for Humanity nan Greater Palm Beach County pou fè rèv yo tounen yon reyalite.


Klike la a pou w gade videyo a.

Mesaj Sekirite Enpòtan Polis Distri A Pou Fanmi Yo

Paran ak responsab legal, nou bezwen èd ou pou asire ke pitit ou yo konprann ke nenpòt kalite menas kont yon lekòl se pa yon blag epi sa kapab genyen konsekans ki chanje lavi yo.

 

Depatman Polis Distri a ak patnè li yo mennen ankèt apwofondi sou tout menas ki fèt kont yon lekòl.

 

Aprann plis toujou sou FortifyFL, ki pèmèt ou rapòte aktivite sispèk bay lapolis imedyatman.

Patisipe Nan Kous 5K Ewo Pou Edikasyon An Pou Sipòte Lekòl Nan Distri Palm Beach Yo

Lase soulye espòtif ou epi vin patisipe ak Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach la nan 11yèm Kous 5K Ewo pou Edikasyon anyèl la dimanch 5 oktòb 2025 nan John Prince Park nan Lake Worth.

 

Evènman enteresan sa a ankouraje sante ak byennèt, pandan n ap kolekte lajan ak sipò pou Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ki se yon Distri Nivo A.

 

Aprann plis epi enskri pou kous 5K Ewo pou Edikasyon an.