4 Me 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Yon Deseni Amoni: Lekòl Nan Rejyon Palm Beach Yo Resevwa Onè Nasyonal Pou 10yèm Ane Konsekitif

 

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la yon lòt fwa ankò akonpli yon nivo ekselans. Li resevwa nominasyon prestijye kòm Meyè Kominote pou Edikasyon Mizik nan men National Association of Music Merchants (NAMM Foundation).

 

Votè nan Rejyon Palm Beach yo rann siksè sa a posib. Yo te vote referandòm espesyal 2018 taks sou pwopriyete a pou ede finanse ansèyman atistik nan Distri a pou finanse plis pase 750 pozisyon nan akademi atizay, chwa, ak karyè nan lekòl yo.

 

Votè yo te renouvle sipò yo pou referandòm nan ane 2022 pou kat ane anplis, sa ki asire kontinyasyon pwogram atizay nan lekòl yo nan Distri a. Lekòl piblik Rejyon Palm Beach yo distenge yo pou angajman san fay nan edikasyon atistik elèv yo.


Klike la a pou w li plis.

Selebrasyon Mwa Eritaj Ayisyen

Nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap komemore Mwa Eritaj Ayisyen pandan mwa me a, pou rekonèt kontribisyon enpòtan Ayiti ak Ayisyen yo fè nan istwa mond la.

 

Se yon selebrasyon istwa ak kilti Ayisyen ak yon opòtinite pou pataje kilti a ak kominote kote y ap viv.

 

Tradisyonèlman, plizyè aktivite dewoule nan anpil lekòl Distri a, anplis aktivite nan kominote a.

 

Klike la a pou w li plis. 

Isabel Vaughn Se Nouvo Gayan

Pwofesè Pou Semèn Nan

Isabel Vaughn se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Starlight Cove. Li resevwa vizit sipriz nan klas li pou jwenn gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li.

 

Klike la a pou gade videyo a.

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl: Rakia Mitchell 

Trezorye Lekòl Elemantè Roosevelt

"Madan Mitchell kenbe yon atmosfè akeyan ki se sa nou bezwen nan chak lekòl. Li salye chak vizitè avèk yon konpòtman amikal epi abòdab.

 

Konesans jeneral li genyen sou elèv yo ak fanmi yo pèmèt li kenbe yon kominikasyon klè ak kominote a. Li jere responsablite li yo avèk ekspètiz, epi li toujou kenbe yon atitid pwofesyonèl pozitif."

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou sèvis kliyantèl.


Inisyativ Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl rekonèt angajman eksepsyonèl yon anplwaye demontre nan travay li pou byen sèvi moun. 

Prezantasyon Espesyal Lekòl:

Lekòl Mwayen Carver

Se sèl lekòl mwayen ki genyen pwogram akademi jistis kriminèl nan Rejyon Palm Beach la. Lekòl la gen yon istwa long ak rich kote elèv yo ap patisipe nan yon kokennchenn eritaj.


Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Royal Palm Beach.


• Klas: 6-8

• Maskòt: Èg

• Koulè: Ble ak Blan


101 Barwick Rd.

Delray Beach, FL 33445

561-638-2100


Yon Mesaj Anastasios Kamoutsas, Minis Edikasyon Eta Florid la

 

Pandan n ap rive nan dat egzamen PM3 la ak fen ane lekòl la, tanpri gade dènye mesaj Komisè mwen an.

 

Tanpri ankouraje elèv ou yo pou yo byen dòmi, manje yon bon dejene nan maten, epi fè tout efò yo kapab pou yo fini ane lekòl la byen.

 

Nou kontan anpil dèske elèv nou yo gen opòtinite pou yo montre tout sa yo te aprann ane sa a.

 

Klike la a pou li mesaj la. 

Tablo lis selebrasyon pou mwa me
Banyè Semèn Apresyasyon Pwofesè
Grafik dat vaksinasyon nan Sant Akèy Distri a chak mèkredi nan mwa a.