5 Me 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Resous Pou Fanmi Yo
Kalandriye 2024-2025
Santim Ou Ap Travay


FESTIVAL LIV AK PREZANTASYON LOREYA

KONKOU DISÈTASYON MWA ERITAJ AYISYEN 2025


OU ENVITE – Admisyon Gratis


Samdi 10 Me 2025 - 2:00 – 4:30 PM


Summit Library

3650 Summit Blvd., West Palm Beach, FL 33406


Yon selebrasyon literati ak prezantasyon loreya konkou disètasyon Mwa Eritaj Ayisyen 2025 la nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach. 


Otè Envite : Kettly Mars – Castro Desroches


Guest student, artist/poet: Walter Joseph


Essay Contest Winners: Mike Fleurme – Gederlin Dumas – Christ Etienne


Pèfòmans Atistik : WOOLY SAINT LOUIS 

N ap Selebre Pwomosyon 2025 La

Distri a ap selebre plizyè milye gradye ki pral mache sou podyòm nan pou resevwa diplòm yo kòm pwomosyon 2025 la. Atravè seri videyo "Senior Spotlight" nou an, nou mete aksan sou talan ak reyalizasyon inik ki fè elèv nou yo espesyal.

 

Klike la a pou w gade seri videyo Student Spotlight la.

 

Tout seremoni gradyasyon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach yo ap retransmèt AN DIRÈK The Education Network (T.E.N): Xfinity kanal 235, AT&T U-verse kanal 99, ak sou entènèt sou youtube.com/sdpbc/live.

 

Klike la a pou w wè orè gradyasyon 2025 la.

Semèn Apresyasyon Pwofesè

Semèn 5 pou rive 9 me 2025, se Semèn Apresyasyon Pwofesè! Semèn sa a, Distri a pral rekonèt epi selebre pwofesè estrawòdinè li yo, pwofesè ranplasan yo, anplwaye sipò akamik yo, ak tout edikatè nan lekòl yo ki gen devouman pou edike, afime, ak enspire elèv yo pi lwen pase salklas la.


Ede nou selebre pwofesè nou yo nan pataje tèks sou Facebook.

 

Klike la a pou suiv nou sou Facegook. 

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan

Alyssa Harris se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Morikami Park. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $350 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li.


Klike la a pou gade videyo a.

Seri ‘Dèyè Badj La’ nan Lekòl Mwayen

Nan seri nou an "Dèyè Badj La," n ap aprann konnen gason ak fanm vanyan Depatman Polis Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la epi n ap eksplore kijan yo konekte ak elèv epi anplwaye yo.

 

Nou te vizite Lekòl Mwayen Howell L. Watkin pou n rankontre Ajan Polis Johanna Nieves ak Chelsea Evans. Ansanm, yo fè yon ekip rèv sou kanpis sa a apati eksperyans yo kòm yon manman ak pwofesè ki pèmèt yo byen konekte ak elèv yo. Direktè lekòl la fè konneni tou de ajan polis sa yo reyèlman entegre nan kilti lekòl la ki se "dirige ak lanmou."

 

Klike la a pou w gade NOUVO epizòd la.

Patnè Kominotè Yo Pote Gwo Sipò Pou Elèv Distri Yo

Florida Power & Light (FPL), ansanm ak Ventus Charitable Foundation, selebre inisyativ sibvansyon STEM nan Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach. Pou amelyore salklas STEM yo, yo te bay sis lekòl nan distri a $50.000 nan kad Pwogram sibvansyon FPL STEM pou renovasyon salklas STEM yo. Yon lòt rezon ki fè Distri Lekòl Palm Beach County se Meyè Chwa w pou edikasyon pitit ou.

 

Klike la a pou w gade videyo a. 

Gade 10yèm Senpozyòm Anyèl

Akademi Panyòl Entènasyonal (ISA)

Senpozyòm lan te ofri yon jounen rich nan echanj akademik, refleksyon kiltirèl, ak selebrasyon lang Panyòl. Pwogram ISA a, yon pati nan yon rezo mondyal an kolaborasyon ak Ministè Edikasyon Panyòl la, ankouraje alfabetizasyon bileng apati edikasyon de lang, anglè ak panyòl. Elèv nan distri a montre konpetans yo ak fyète kiltirèl yo atravè diskou ak pèfòmans yo te bay.

 

Klike la a pou w gade yon rezime evènman an.