22 Septanm 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Sipèentandan Burke Ap Mete Men Nan Pat La:

Akademi Medikal nan Lekòl Segondè Jupiter

 

Nan epizòd sa a, Sipèentandan Mike Burke vizite Akademi Medikal Jupiter nan Lekòl Segondè Jupiter, yon pwogram onè syans premye klas nan Distri a.

 

Anviwònman aprantisaj inovatè ak entegre sa a prepare elèv pou reyisi nan travay nan domèn swen sante apre yo fin gradye atravè yon kourikoulòm akademik solid ak eksperyans klinik nan laboratwa sou sitiyasyon reyèl.

 

Se youn nan plizyè rezon ki fè Distri Lekòl Rejyon Palm Beach se MEYÈ CHWA W.

 

Gade videyo dènye epizòd la.

Kenbe Kanpis Nou yo San Zam

Sekirite elèv ak anplwaye nou yo se pi gwo priyorite Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.

 

Pou sipòte yon anviwònman aprantisaj ki an sekirite, Distri a pa pèmèt moun pote zam sou pwopriyete lekòl yo.

 

Sa a aplike pou tout lekòl Distri a, bilding administratif yo, machin pèsonèl yo, bis lekòl yo, ak aktivite lekòl yo  patwone.

 

Aprann plis sou règleman sekirite enpòtan sa a.

Remèsye Yon Pwofesè:

Madam Mary Murillo Nan Lekòl Mwayen Jupiter

Madam Mary Murillo se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Mwayen Jupiter. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a. Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.

 

Klike la pou w gade videyo a. 

Vizit Kiltirèl Nan Rejyon Palm Beach

Pou Selebre Mwa Eritaj Panyòl

Mwa Eritaj Panyòl la te kòmanse avèk yon Tou Otobis atravè Rejyon Palm Beach la. Premye vizit la te fèt nan Lekòl Segondè John I. Leonard, sèl Akademi Entènasyonal Panyòl nan nivo lekòl segondè nan Distri a.

 

Elèv yo te fè prezantasyon sou diferan akademi yo epi yo te montre sa lekòl la gen pou l ofri kominote a nan yon pèspektiv akademik ak kiltirèl.

 

Gade videyo lidè kominotè yo k ap vizite Lekòl Segondè John I. Leonard.

Nan seri videyo enfòmasyon pou kominote a pou mwa sa a, Direktris Doktè Sandra Moreau nan Lekòl Elemantè Pioneer Park nan Belle Glade ap fè paran ak responsab legal timoun yo konnen enpòtans prezans lekòl.

 

Klike la a pou w gade video a.