16 Fevriye 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Patisipe Nan Konkou Redaksyon America250FL La

Pou Selebre 250yèm Anivèsè Etazini


Pou onore 250yèm anivèsè fondasyon nasyon nou an, Depatman Edikasyon Florid la ak Volontè Florid envite elèv nan eta a patisipe nan konkou redaksyon America250FL la.


Konkou Redaksyon America250FL la ouvè pou tout elèv ki ale nan nenpòt lekòl Florid ki nan klas 6yèm jiska 12yèm ane (lekòl piblik, endepandan, prive, adomisil, oswa vityèl). Y ap chwazi uit gayan (twa elèv lekòl mwayen ak senk elèv lekòl segondè), epi chak gayan ap resevwa yon bousdetid.


Patisipan yo genyen jiska 5è aprèmidi lendi 16 mas 2026 pou soumèt redaksyon yo. 


Klike la a pou plis enfòmasyon ak kijan pou w patisipe.

Stephanie Roehm Se Nouvo Gayan

 Pwofesè Pou Semèn Nan

Stephanie Roehm se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Plumosa. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li. 

 

Klike la a pou gade videyo a.

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl: Beth Peschl

Teknisyen Enfòmatik nan Lekòl Elemantè Addison Mizner

"Pandan nou t ap demenaje nan distri a, Beth te bay yon èd eksepsyonèl lè li te jere pwosesis enskripsyon nou an avèk swen epi ekspètiz.

Li te toujou depase atant nou, li te adrese tout bezwen avèk jantiyès ak pwofesyonalis.

Beth rete yon resous enpòtan ni pou lekòl la ak pou distri a."

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou sèvis kliyantèl.

Prezantasyon Espesyal Lekòl:

Lekòl Segondè Kominotè Park Vista

Mo ki pi enpòtan nan non an se "Kominotè". Pou plis pase 20 ane, ekip devwe sa a te travay ansanm ak fanmi enkwayab yo pou asire siksè lekòl la.

 

Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Segondè Kominotè Park Vista.

 

• Klas: 9-12

• Maskòt: Kobra

• Koulè: Ble, Nwa, Gri

 

7900 Jog Road

Lake Worth, FL 33467

561-491-8400

*** Yon Mesaj Depatman Edikasyon Eta Florid ***

 

Depatman Edikasyon Eta Florid la te mande tout distri lekòl yo pou pataje lèt sa a ki soti nan men Minis Edikasyon Anastasios Kamoutsas. Li anonse rezilta pwogrè mitan ane a pou Tès sou Nivo Panse Elèv (ki rele FAST la) montre ogmantasyon enpòtan depi kòmansman ane a.


Li lèt konplè Minis Edikasyon an.