|
18 Me se fèt Drapo Ayisyen. Nan kad selebrasyon Mwa Eritaj Ayisyen, plizyè lekòl òganize aktivite pou fete Drapo Ayisyen ak elèv yo. Se avèk fyète elèv ak pwofesè mete abiman jou sa a ki reflete drapo yo.
Mwa Eritaj Ayisyen se Mwa selebrasyon istwa, kilti, koutim, tradisyon, ak kontribisyon peyi Ayiti ak ayisyen nan mond la. Se mwa pou pataje kilti sa a ak tout manm nan kominote kote Ayisyen ap viv.
Drapo Ayisyen an te kreye nan dat 18 Me 1803 nan vil Akayè. Drapo ofisyèl aktyèl la te adopte nan ane 1986. Jou 18 me tou se Fèt Inivèsite nan peyi Ayiti. 
|