20 Avril 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
De elèv tifi ki ap jwe jwèt edikatif sou yon tab

Eksplore Kominote Nou An: Pouvwa Eksperyans

 

Elèv yo ap dekouvri yon mond opòtinite nan Rejyon Palm Beach la. Nou ofri pwomnad edikatif pou fè elèv vizite moniman, endistri, ak gwo reyalizasyon ki fè valè zòn nou an.

 

Ane sa a, nou elaji pwogram nou an pou mennen chak elèv jadendanfan nan yon bibliyotèk lokal pou devlope lakay yo yon lanmou pou lekti ak resous kominotè pandan tout lavi yo. Yon lòt nouvote ane sa a, elèv uityèm ane yo te patisipe nan yon Jounen Eksplorasyon Karyè, kote yo te kominike dirèkteman ak lidè biznis ak kominote yo pou yo genyen yon lide sou chwa karyè yo pou lavni.

 

Gade kijan n ap mennen aprantisaj deyò salklas la epi ede fòme elèv konplè, ki gen konfyans nan tèt yo epi ki prepare pou lavni.

Carrie Wertepny Se Nouvo Gayan Pwofesè Pou Semèn Nan

Foto madam Carrie Wertepny ki kenbe gwo chèk li resevwa

Carrie Wertepny se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Everglades. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li.

 

Klike la a pou gade videyo a.

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl: Lori David

Asistan Administratif Biwo Lekòl Elemantè Jupiter

Foto Madan Lori David

"Madan David se potomitan biwo akèy lekòl, li ankouraje yon anviwònman pozitif apati yon apwòch proaktif pou antisipe bezwen tout moun.

 

Li toujou sipòte anplwaye yo ak fanmi yo avèk swen sensè; li bay egzanp bon atitid pozitif. Devouman li pou sèvis eksepsyonèl fè li yon bon modèl pou moun suiv."

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou sèvis kliyantèl.


Inisyativ Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl rekonèt angajman eksepsyonèl yon anplwaye demontre nan travay li pou byen sèvi moun. 

Prezantasyon Espesyal Lekòl:

Lekòl Elemantè Palm Beach Gardens

Foto de elèv ki ap jwe

Lekòl sa a pwouve estanda ki wo ak atansyon pèsonèl ale men nan men. Yo toujou resevwa nòt "A", yon temwayaj gwo konpetans yo nan matematik ak lekti.


Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Royal Palm Beach.


• Klas: K-5

• Maskòt: Dofen

• Koulè: Ble ak Lò


10060 Riverside Dr.

Palm Beach Gardens, FL 33410

561-366-6500


23 Avril Se Jou Pou Mennen Pitit Fi Ak Pitit Gason Nou Nan Travay Ak Nou Nan Distri A

 

Jedi sa a, 23 avril, elèv K-12 yo ap gen opòtinite pou akonpaye yon paran oswa yon responsab legal nan travay yo ki pa nan Distri a.

 

Elèv ki ap patisipe nan Jounen Mennen Pitit Fi ak Pitit Gason Nan Travay la nan dat 23 avril la dwe soumèt yon nòt bay lekòl yo pou fè konne y ap absan.  

Elèv ke ap patisipe yo ap genyen yon eskiz pou absans yo pou jounen an.

 

Li plis enfòmasyon sou aktivite sa a. 

Lis selebrasyon ki genyen pou mwa avril la
Orè Vaksinasyon nan Sant Akèy Distri Lekòl Rejyon Palm Beach