14 Avril 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Resous Pou Fanmi Yo
Kalandriye 2024-2025
Santim Ou Ap Travay

Sipèentandan Burke Ap Mete Men Nan Pat La:

Edisyon Jounen Latè

 

Nan "Edisyon Jounen Latè" espesyal sa a Sipèentandan Mike Burke akonpaye elèv Lekòl Segondè Palm Beach Gardens ki nan pwogram Syans Maritim, nan yon pwomnad enspiran ak Jesyon Resous Anviwònman Rejyon Palm Beach.

 

Klike la a pou w gade videyo a.

Elèv Nou Yo Ap Fè Gwo Eksperyans Atravè

ďťżPlan Estratejik Distri A

Ane sa a, elèv 3yèm ane yo te vizite Mounts Botanical Garden, elèv 5yèm ane yo te patisipe nan yon pèfòmans an dirèk nan Kravis Center for the Performing Arts, elèv 6yèm ane yo te patisipe nan yon pwomnad ki enplike atizay ak kilti, epi elèv 7yèm ane yo te eksplore anviwonnman natirèl zòn nou yo.

 

Elèv lekòl segondè yo te aprann plis sou avni yo nan fwa karyè yo ki te prezante yo plizyè douzèn endistri lokal.

 

Klike la a pou w gade videyo a.

Prim Volontè ak Patenarya Biznis 2024-2025 

Felisitasyon pou moun ki genyen Prim Volontè ak Patenarya Biznis ane sa a yo te selebre epi rekonèt vandredi 11 avril la nan Dejene Prim Volontè ak Patenarya Biznis yo. Volontè devwe nou yo ak patnè biznis lokal yo sipòte lekòl nou yo, elèv yo, ak anplwaye nou yo nan yon varyete fason nou rekonesan chak jou!

 

Klike la a pou w gade videyo yo.

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan

Jessica Cuchel se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Hammock Pointe. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $350 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li.


Klike la a pou nonmen yon pwofesè!

 

Klike la a pou gade videyo a.

Vin Travay Nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach La

Distri a te òganize pi gwo evènman anbochaj li nan ane a madi 8 avril nan South Florida Fairgrounds nan West Palm Beach. Evènman sa a te mete aksan sou tout 182 lekòl ak depatman Distri a ki gen pòs ki vid nan anplwaye ansèyman, ki pa ansèyman ak sipò pou ane eskolè k ap vini an.


Ou te rate evènman an? Pa gen pwoblèm! Klike la a pou w wè travay ki disponib epi aplike sou Entènèt.


Klike la a pou w gade yon rezime evènman anbochaj la.


Enskripsyon Pou Pwogram Apre Lekòl Ouvri 15 Avril

Pou ane eskolè 2025-2026 ki ap vini an, enskripsyon pou pwogram apre lekòl Distri a pou elèv ki ap rantre nan jadendanfan rive sou elèv klas 5yèm ane ap kòmanse madi 15 avril 2025 a 6 p.m.

 

Paran yo kapab enskri pou yon pwogram apre lekòl lè yo vizite pòtal enskripsyon sou Entènèt la ki rele Eleyo pou soumèt yon demann enskripsyon pou pwogram apre lekòl. Ou kapab mande enskripsyon pou tout nivo klas yo.

 

Klike la a pou w aprann plis.