The Children's Trust - 20 Years Nurturing Greatness

Mas 2023


Jan Pou N
Elve
Timoun

Ankouraje Talan Pitit ou

Chèche opòtinite epi ankouraje yo lè yo bezwen sipò

Lè nap panse de talan, lespri nou ka al dirèk sou kapasite natirèl. Li sèten gen kèk timoun ki pi atletik, atistik, mizikal oswa gen fasilite pou adapte yo vit ak yon konpetans konplèks tankou matematik oswa syans pase lòt timoun. Sepandan, pi souvan, devlope talan se yon konbinezon kapasite natirèl ak eksperyans atravè aprantisaj, e chak timoun gen pwòp sikonstans inik yo e tout kapab metrize pwòp ladrès ak enterè yo.


Kòm paran, nou ka pa kapab kontwole ki kapasite natirèl timoun nou genyen lè yo fèt, men nou ka sètènman ankouraje sa yo deja posede, epi ede yo rive nan nivo ki pako sa. Pou fè sa fòk nou bay timoun yo opòtinite, ansanm ak etabli limit ak atant ki bay avantaj toutotou talan yo.

Li piplis

Rete Pozitif: Konekte Avèk Timoun ou yo nan Mond Dijital yo a

Itilize teknoloji pouw ka pi pwòch avèk pitit ou yo, pa alyene yo

Pa Priscilla Greear

Chèche opòtinite pou benevola avek timoun yo pou yo ka eksplore yon enterè pou yon karyè medikal. Vwayaje ansanm de fason vityèl nan mize D’Orsay ki nan Paris. Òganize sware Triva anliy avek fanmi nan Chicago oubyen Nicaragua. Mande timoun nou yo pou kreye yon desen menm jan ak pa Minecraft yo oubyen fè yon montaj foto ete sou shutterfly.


Wi, fikse rè ak limit klè pou garanti yon itilizasyon medyatik sekirize e responsab epi evite yon konsomasyon eksesiv nan kontni nimerik yo.

Li piplis

Young Talent Big Dreams Retounen pou 13yèm Ane li nan Chèche Top Talent Miami-Dade

Pi gwo konpetisyon talan jèn Konte a envite timoun 8-17 an pou yo montre ekspètiz yo nan mizik, dans, vwa, pale ak konpozisyon orijinal yo

Actors’ Playhouse en el Miracle Theatre, junto con el patrocinador presentador The Children’s Trust, ha publicado las fechas de audición para el 13.° aniversario de Young Talent Big Dreams, la competencia local GRATUITA de talentos juveniles más extendida en el condado de Miami-Dade.


Los niños de entre 8 y 17 años están invitados a mostrar sus talentos y competir por premios que van desde premios en efectivo y oportunidades de actuación hasta becas para las artes escénicas patrocinadas por SouthState Bank y el Club Rotario de Coral Gables. El ganador del gran premio recibirá $500 en efectivo proporcionados por Actors’ Playhouse y cuatro boletos para Universal Orlando junto con una estadía de hotel por dos noches cortesía de WSVN 7News. 

Li piplis

Liv Mwa a: Bon Jan Laperès! Mary Shelley Kreye Frankenstein nan ane 1800 yo

Laperèz pa konn idantite seksyèl. Men, liv ak istwa ki fè pè se gason ke konn ekri yo. Sa se pa yon sipriz lè nou konsidere repiyans pou aksepte otè fi nan pi fò nan istwa modèn. Men, li vreman enpresyonan ke youn nan istwa pi efreyan, terib, laperès pi popilè ki janm ekri, se liv Mary Shelley kote li te kreye Frankenstein. 

 

Istwa sou jan Shelley parèt ak yon kreyasyon gwotèsk nan kòmansman ane 1800 pandan yon konpetisyon ekriti ak otè gason jenerasyon l, fè pati yon liv ekri pa Lynn Fulton, e Ilustre pa Felicita Sala nonmen “She Made a Monster: How Mary Shelley Created Frankenstein.” Liv la se “Chwa Anploye” Sistèm Bibliyotèk Piblik Miami-Dade pou selebre Mwa Istwa Fanm an Mas. Enfòme w nan www.mdpls.org/staff-picks epi prete l. Pou enskri nan Children’s Trust Book Club, kote timoun 0-5 lane jwenn yon liv gratis chak mwa pa lapòs, voye tèks “READ” nan 786.460.CLUB (2582).

Resous pou paran yo
Èske w ap chèche yon pwogram apre lekòl pou pitit ou a? Children's Trust finanse divès pwogram apre lekòl ki mete aksan sou pwogram enteresan, aktif ak edikatif.
Pwogram apre lekòl
Nan nouvo The Children’s Trust Book Club la ap vini ankò ak kèk nouvo liv gratis, chak mwa, kote y ap voye yo ba wou palapòs pou tout timoun nan Miami-Dade ki fèk fèt rive nan laj 5 an. 
Book Club
The Children’s Trust Parent Club ofri atelye GRATIS, nan tout konte a sou sijè ki enpòtan sou elve timoun ki gen siksè, ki an sante, ak kè kontan.

Parent Club
Pou aprann plis vizite www.TheChildrensTrust.org oswa rele 211.
Ann rete konekte!
Facebook  Instagram  Twitter  Linkedin  Youtube  Pinterest