Me 2024


Jan Pou N
Elve
Timoun

Bay Pitit ou Kapasite pou yo vin Endepandan

Granmoun, Kòmanse bonè ap fè vwayaj yo nan direksyon otonomi fèt pi swa

Timoun yo ap viv lakay yo pi lontan. Se konsa sa ye, alò adapte w ak sa. Men, tan siplemantè sa a ta dwe fè paran yo santi yo an sekirite paske pitit yo ap endepandan lè yo finalman ap viv pou kont yo. Paran yo bezwen konstui pilye endepandans yo byen bonè pou asire yo, timoun yo pare pou yo viv pou kont yo lè a rive.


Bon nouvèl la se ke elve timoun endepandan gen anpil avantaj, pou paran yo ak, pi presizeman, pou timoun yo . Abitid endepandans sa yo ap benefisye tout jèn adilt ki toujou ap viv ak paran yo. Men, pou rive la, sa mande kèk travay pou paran yo fè e pi bonè yo kòmanse pi bonè yo pral wè rezilta pozitif.

Li piplis

Bwat Zouti 2024 sou Entènèt pou Sante Mantal

Pandan sezon eleksyon 2024 la ap dewoule, jèn moun yo ale nan rezo sosyo pou jwenn nouvèl epi fòme opinyon sou pwoblèm ki rann divizyon. Adolesan ap pase 3.5 èdtan pa jou sou platfòm entènèt prefere yo, soti nan Instagram rive nan Snapchat. Pandan gwo pwoblèm lojman abòdab nan Miami, adolesan ki pi gran mete dekote plan kite kay paran yo epi rete nan telefòn yo kòm pastan. Ak Mwa Konsyantizasyon Sante Mantal nan mwa Me, ak agravasyon lajenès ki entans, paran yo pran aksyon pou ankouraje timoun modere itilizasyon dijital, dyaloge ak respè epi angaje sivikman.

Li piplis

Leson de Baz Sou Prepaprasyon Pou Siklòn: Konsèy pou Tout Fanmi an

Kòmansman Sezon Siklòn Nan Atlantik la preske rive. Chak ane li kòmanse nan mwa Jen jiska fen Novanm. Antanke moun la Florid, siklòn yo pa anyen nouvo pou nou, men li toujou enpòtan pou nou prepare pou sezon an. Si ou pa t janm fè eksperyans yon siklòn anvan, sonje li esansyèl pou w planifye davans.

Li piplis

Enskri Pitit ou nan kan ete Kounye a

Paran ak pitit yo pa ka tan pou mwa ete a pou yo pran repo nan travay regilye ak woutin lekòl la nan rès ane a. Men, lè li rive, ete kapab pote estrès si paran yo pa planifye davans. Ki kote timoun yo ak jèn yo pral pase èdtan sa yo lè paran yo ak moun k ap pran swen yo ap travay? Ki moun ki pral pran swen yo? Ki kalite aktivite ki pral favorize angajman, edikasyon ak opòtinite plezi pou yo?


Pou evite ensètitid ak enkyetid, paran yo ak moun k ap pran swen yo ta dwe enskri pitit yo pou pwogram ete pi vit ke posib. Erezman, gen Erezman, gen anpil opsyon ke The Children's Trust ak patne li yo afri pou asire ke yo adapte bezwen yo, enterè yo ak aprantisaj ki ta dwe rive pandan ete a. Gen dè santèn opsyon kan ete ki a ba pri oswa gratis atravè Miami-Dade County, epi jwenn youn ki bon pou yon fanmi patikilye vin pi fasil ke avan. 

Li piplis

Ede devlope vokabilè jèn timoun ou ak Trust Book Club

Yon rechèch nan Inivèsite Leta Ohio endike timoun ki li yon liv chak jou pral tande apeprè 290,000 mo anplis rive laj 5 an, plis pase sa ki pa li regilyèman ak yon paran oswa moun k ap ba yo swen. Se premye ane yo ki pi enpòtan pou devlopman, e The Children’s Trust Book Club ka ede tout timoun ki fèk fèt jiska laj 5 an nan Miami-Dade pou prepare yo nan pi bon jan posib pou lekòl.


Manm ki anrejistre nan Book Club gratis la resevwa chak mwa pa lapòs yon nouvo liv gratis ki apwopriye pou laj, nan lang angle oswa panyòl. Liv la vini ak ak gid lekti e aktivite ki plen enfòmasyon anplis ak egzèsis pou ede paran ak moun k ap bay swen jwenn pi bon pati nan liv la. Gid lekti liv mwa Jen an pou timoun ki gen 1 an di “Lekti ak pitit ou ede sèvo yo kap grandi pandan y ap aprann nouvo mo. Lè w montre ak nonmen objè nan yon liv, w ap montre kijan mo konekte ak bagay,” 


 “Pran liv sa a avè w pwochen fwa ou menm ak pitit ou ale nan makèt. Louvri liv la nan paj ki gen fwi yo. Montre fwi yo epi di: 'Kisa sa yo ye?" Gade si pitit ou ka bay non fwi yo. Lè sa a, di, 'Ok, kounye a ann mete yo la." 


Pou enskri nan Children’s Trust Book Club pou resevwa yon liv gratis chak mwa pou timoun ki anrejistre ant 0-5 an, voye tèks “READ” nan 786.460.CLUB (2582) oswa tcheke TheChildrensTrust.org/BookClub.


Li piplis
Resous pou paran yo

Èske w ap chèche yon pwogram kan ete pou pitit ou a? Tcheke paj Plis Chwa Kan Ete a pou plizyè santèn pwogram ete gratis ak bon mache.

More Summer Camp Choices

Parent Club ofri atelye GRATIS, nan tout konte a sou sijè ki enpòtan sou elve timoun ki gen siksè, ki an sante, ak kè kontan.



Parent Club
Pou aprann plis vizite www.TheChildrensTrust.org oswa rele 211.
Ann rete konekte!
Facebook  Instagram  X  Linkedin  Youtube