|
Ou pa janm konnen kibò wap jwenn enspirasyon.Oubyen kibò enspirasyon ap vin jwenn ou. Nan ane 1959, si w ap pase bò kote Williamsburg Bridge nan vil Nouyòk ou ta jwenn enspirasyon nan melodi son kap soti nan saksofòn Sonny Rollins. Rollins pat nenpòt ki mizisyen lari Òdinè, li te deja yon mizisyen akonpli depi lè li te konn ap jwe sou pon pandan plizyè èdtan pandan de zan.
Rollins te finalman fini pa anrejistre album ki pi chè pou li a aprè tout eksperyans ke li te fè, e li te rele li The Bridge. Modèl pratik,eksplorasyon ak eksperimantasyon sa te karakterize karyè mizikal Rollins e nan laj 92 li toujou konsidere li kòm yon lejand nan zafè jazz.
Tout tan Rollins pase ap jwe sou pon an memoryalize nan Sonny Rollins plays the bridge de Gary Golio ki se youn nan liv ke bibliyotèk Miami-Dade county fè chwa pèsonèl li pou mwa fevriye a. Nan okazyon mwa istwa nwa yo, chwa mwa sa yo rann omaj ak afro ameriken ki pèsevere malgre enjistis ak lòt defi pou devni senbòl ke lespri imen an ka akonpli malgre obstak yo. Chèche yo sou www.mdpls.org/staff-picks. Pou ou enskri pou The Children’s Trust Book Club,kote timoun 0 a 5 ans jwenn liv gratis chak mwa nan bwat mel,ekri ”READ“ a 786.460.CLUB (2582).
|