The Children's Trust - 20 Years Nurturing Greatness

Septanm 2023


Jan Pou N
Elve
Timoun

Bwat Sekrè Jiska Kont Epay Adolesan

Lekòl finans lakay pou timoun

Pitit fi w ap sipliye w pou yon chapo plaj twopikal, men èske li tap gen menm anvi a si li oblije peye ak kòb ou konn ba li a? Epi, èske pitit gason w ta ka viv san souvni park atraksyon Universal la si li te konnen se nan kòb lap sere a ki pral peye pou vwayaj la.  


Ekspè yo konseye paran aprann pitit yo menm sa ki nan jadendanfan enpòtans valè resevwa lajan, ekonomize ak jere lajan epi aprann kontwole tèt yo pi byen pou evite acha enspontane. Yo ka aprann atravè aktivite chak jou, menm si yap ekonomize pou achte paten oswa vann limonad nan katye an. Kidonk, pale sou objektif ak valè finans fanmi an pou angaje timoun yo epi ankouraje bon atitid ak pratik finansyè. Pou ranfòse enpak la, asire w wap depanse jan wap aprann yo fè ak chak ti kòb yo mete nan bwat sekrè yo.

Li piplis

Fe Konesans ak Paran Zanmi Pitit ou yo

Ak fason pou fè fas ak paran ou pa renmen

Si ou gen chans, paran yo oswa moun kap pran swen zanmi pitit ou yo ap pataje anpil, pou nou pa di pi fò nan menm valè ou yo ak modèl edikasyon parantal ou yo. Men, se pa sa ki toujou rive. Nan ka sa yo, toujou gen yon fason pou eseye ak naje nan relasyon ak paran zanmi pitit ou yo san ou pa kite diferans ant modèl edikasyon parantal reyaji sou nou. Men kèk ide ki kapab ede ou.


Aprann konnen tèt ou

Menm jan pitit ou yo ap kòmanse yon relasyon ak lòt moun, se konsa tou paran yo dwe kòmanse chèche gen relasyon ak paran zanmi pitit li yo. Li pa nesesèman gen pou yon relasyon sere, men li gen pou li baze sou respè, pa depase limit yo epi pratike kominikasyon ouvè. Si nou vle pitit nou yo trete lòt moun byen, alòs, nou dwe ba yo bon jan egzanp nan fason nou konpòte nou ak lòt moun.

Li piplis

Miami-Dade Mete Limye vet pou The Children's Trust

Gen divès kalite bèl bagay ki te klere tou vèt pout e kapab selebre gran final 20tyèm anivèse a

Pandan 20 premye ane li yo, The Children's Trust te yon limyè pou tout timoun ak fanmi nan Miami-Dade County gras ak gwo majorite moun ki te vote pou kreye li. Ak pou ane ki sot pase a, The Trust te selebre de premye deseni li yo nan sèvi kominote a ak yon kanpay edike piblik la sou angajman li yo ak entèraksyon ak 2 milyon timoun, fanmi ak founisè sèvis. Selebrasyon an te fini 7 septanm ak yon omaj apwopriye nan limyè The Trust ki te klere sou Miami-Dade County. 

Li piplis

The Trust, JCS, Miami-Dade County ak Distri Eskolè a Vin Asosye Pou Ofri Plis Chwa Pwogram Apre Lekòl

Kounye a, atravè sitwèb ak liy asistans JCS 211 Miami Helpline, ou kapab jwenn aksè a plizyè santèn pwogram apre lekòl.

Ak sezon lete kap disparèt e ane lekòl la ki deja kòmanse, paran ak moun k ap bay swen gen desizyon pou pran sou fason pou pran swen pitit yo apre lekòl. Menm si gen anpil opsyon pou paran ak timoun yo, jwenn youn ki ale ak bezwen akademik, sosyal fanmi yo ka difisil. Erezman, ane sa a gen èd pou gen aksè a plizyè santèn pwogram pou jwenn youn kap satisfè w.


The Children's Trust, Jewish Community Services (JCS), Konte Miami-Dade ak Konte Miami-Dade Public Schools (M-DCPS) vin asosye pou kreye Inisyativ Plis Chwa Apre Lekòl ki bay aksè a tout pwogram apre lekòl atravè sit entènèt, 211Miami.org/AfterSchool. Liy Asistans JCS 211 Miami The Trust finanse bay lis ki gen plis pase 500 pwogram apre lekòl an lòd alfabetik kote paran ka chèche pwogram dapre zòn yo rete.

Li piplis

Liv Mwa a: Platanos Are Love Fè Kilti Panyòl La Reyèl Pou Timoun


Konte Miami-Dade, ki rekonèt kòm Pòt antre Amerik Latin nan, se petèt zòn metwopolitèn ki pi gwo ak pi popilè paske li gen plis divèsite gwoup panyòl nan mond lan. Chak peyi ak kilti nan Amerik Santral, Sid ak Karayib la reprezante. Timoun ki soti nan nenpòt kilti kapab mache deyò pou wè enfliyans kilti Panyòl la nan kominote yo. Pa gen pi bon fason pase atravè manje pou yo aprann kijan konbinasyon diferan kilti Panyòl la fè katye yo sa li ye jodi a.


Se sa Alyssa Reynoso-Morris fè ak premye liv an foto l 'Plátanos Are Love. Atravè plizyè resèt yon granmè ak platano, yon jèn ti fi aprann kijan platano yo reprezante pase, prezan ak avni fanmi li.


Mwa Eritaj Panyòl la ap kòmanse 15 Septanm e Latino yo atravè peyi a pral selebre istwa yo ak enpak kilti yo genyen sou lavi yo. Li plis enfòmasyon sou Platanos Are Love ak lòt chwa anplwaye Sistèm Bibliyotèk Miami-Dade County nan www.mdpls.org/staff-picks. Pou enskri nan The Children’s Trust Book Club pou w ka resevwa yon liv gratis chak mwa pou timoun ki anrejistre ant 0-5 an, voye tèks “READ” nan 786. 460.CLUB (2582).


Resous pou paran yo

Èske w ap chèche yon pwogram apre lekòl pou pitit ou a? Children's Trust finanse diferan pwogram apre lekòl ki mete aksan sou plezi ak edikasyon.

Chwa kan ete yo

Parent Club ofri atelye GRATIS, nan tout konte a sou sijè ki enpòtan sou elve timoun ki gen siksè, ki an sante, ak kè kontan.



Parent Club
Pou aprann plis vizite www.TheChildrensTrust.org oswa rele 211.
Ann rete konekte!
Facebook  Instagram  Twitter  Linkedin  Youtube  Pinterest