The Children's Trust - 20 Years Nurturing Greatness

Out 2023


Jan Pou N
Elve
Timoun

Angaje, Ankouraje ak Konplimante

Ak ane lekòl la ki sou nou, montre konviksyon w epi pran mezi pozitif pou ede pitit ou amelyore konpetans li ak simonte defi l. Bay lanmou san kondisyon depi nan viktwa konkou matematik la rive nan dezas konpetisyon natasyon an. Epi sonje moun ki te vreman kwè nan ou (petèt anvan ou menm) e ki te montre w diferans lan!

Li piplis

Fè yon lis Verifikasyon pou Rantre Lekòl la pou w ka pare pou ane k ap vini an

Tout sa ki disponib pou preparasyon rantre lekòl la.

Rantre lekòl la gendwa bay paran yo kè kontan konsa li gendwa rann yo enkyè tou. Pa gen nesesite pou n ap plede kreye aktivite pou kenbe timoun nou yo angaje ankò, men sa ki vin nesesè kounyea se travay ak fè devwa pou yo ka fè bèl nòt epi byen prepare timoun nou yo pou you ka pwogrese e fè siksè. 


Rantre lekòl la gendwa bay pwoblèm si ou pa kòmanse prepare byen bonè, Alòs, men yon lis bagay ou dwe konsidere anvan rantre lekòl la pou ou pa vin fè tèt cho nan dènye semèn oswa lannwit anvan rantre lekòl la (menm delè nou konnen kèlkeswa sa nou ta fè, gendwa toujou gen kèk ti enprevi!)

Li piplis

Children's Trust Rantre nan Miami-Dade Majistra Levine-Cava pou Infant and Toddler

Conference 27 Jiyè pwoklame Child Educator Day

Aprantisaj bonè ak enpòtans pou genyen bon jan kalite pwofesè pou pi piti elèv k ap aprann nan kominote a ap kontinye objektif prensipal The Children's Trust pandan li te patisipe nan Miami-Dade County’s Early Head Start Infant and Toddler Conference nan fen Jiyè. 


Prezidan ak Direktè Jeneral Trust la ki se James Haj ak Direktè Pwogram Rachel Spector te rejwenn majistra a ak plizyè lòt oratè nan konferans de jou ki te konsantre sou mete aksan sou wòl enpòtan edikatè aprantisaj bonè yo genyen nan devlopman yon timoun. Espesyalman, konferans lan te fè diskisyon ak atelye sou opòtinite devlopman pwofesyonèl pou pwofesè tibebe ak timoun piti ak pwofesyonèl ki gen rapò, ansanm ak pi bon pratik ak estrateji pou salklas la. 


Li piplis

Atandans Evènman Family Expo Depase Rekò ane Anvan yo

Plis pase 10,700 timoun ak fanmi yo resevwa materyèl eskolè, kominike ak founisè sèvis pou fanmi epi jwi epòk ete a.

Ete sa a yon rekò timoun ak fanmi te ale nan evènman Family Expo The Children's Trust òganize a ki fèk fini. Nan evènman an te gen yon konbinezon selebrasyon amizman ete, preparasyon ane eskolè ak enfòmasyon pou fanmi sou sou sèvis, resous ak pwogram enpòtan ki disponib pou ede timoun grandi ak devlope e ki pral pwomèt yon avni vreman briyan.


Pou asire fanmi yo konfòtab anpil, chak evènman te gen ekspozan ak aktivite nan jimnaz klimatize, epi deyò, te gen jwèt ak yon varyete pèfòmans. Se te yon melanj konfò ak yon samdi deyò an plen solèy. Nanm evènman an te plis aksantye sou opòtinite pou fanmi jwenn materyèl esansyèl lekòl anvan nouvo tèm akademik la. The Children's Trust konnen presyon finansye peryòd tounen lekòl la bay chak ane. Pou tèt sa li pran inisyatif sa a pou ede soulaje chay la. Yo distribye plis pase 2200 sakado chaje ak pwovizyon eskolè, tankou kreyon ak makè, bwat manje midi ak pòtkreyon.

Li piplis

Pou Ane Eskolè a Inisyativ Plis Chwa Apre Lekòl Pral Kòmanse 

Paran ak moun k ap bay swen k ap chèche pwogram apre lekòl ki enteresan epi ki an sekirite pou ane eskolè sa a ka tcheke 211miami.org/AfterSchool oswa rele 211 pou jwenn aksè a plizyè santèn pwogram ki disponib, menm sa ki nan katye yo e ki koresponn ak enterè e bezwen pitit yo.


Siksè The Children’s Trust ak inisyativ Plis Chwa Kan Ete ane sa a, enfliyanse The Trust ak patnè li yo tankou Lekòl Leta Miami-Dade ak Konte Miami-Dade la, lanse yon menm tip inisyativ pou pwogram apre lekòl. Resamman inisyativ Plis Chwa Apre Lekòl kòmanse fonksyone e li sanble ak predesesè li paske li fasilite jwenn pwogram espesifik ki koresponn ak zòn, orè, e lòt bezwen.


Nan fen ete a, rezilta Plis Chwa Kan Ete enpresyonen ak prèske 15,000 rechèch sou sit entènèt 211 - konpare ak mwens pase 200 nan menm peryòd pandan ane anvan an. Pou plis enfòmasyon sou pwogram apre lekòl yo rele 2-1-1 oswa vizite 211miami.org/AfterSchool


Resous pou paran yo

Èske w ap chèche yon pwogram apre lekòl pou pitit ou a? Children's Trust finanse diferan pwogram apre lekòl ki mete aksan sou plezi ak edikasyon.

Chwa kan ete yo

Parent Club ofri atelye GRATIS, nan tout konte a sou sijè ki enpòtan sou elve timoun ki gen siksè, ki an sante, ak kè kontan.



Parent Club
Pou aprann plis vizite www.TheChildrensTrust.org oswa rele 211.
Ann rete konekte!
Facebook  Instagram  Twitter  Linkedin  Youtube  Pinterest