Oktob 2023


Jan Pou N
Elve
Timoun

Fè Atansyon ak Desen Anime

Fè atansyon emisyon tele danjere e gwosye ki pwopriye pou timoun yo

Soti nan ensilt sakastik nan madichon pou ale nan blag sou devouman relijye, anpil desen anime satirik oswa tou senpleman gwosye ki fèt pou granmoun k ap pase nan televizyon yo gen kontni ki pa adapte pou sante mantal timoun yo. Se poutèt sa, paran yo dwe fè rechèch epi fè anpil atansyon, verifye nenpòt desen anime kote yo ta gen dout sou yo yon fason pou ka pwoteje inosans timoun yo--menm si zanmi pitit ou a ki gen 8 an nan kan foutbòl renmen South Park.

Li piplis

Montre Timoun yo Bonè Kouman Pou yo Pran Swen Tèt yo

Konsèy sou ansèyman byennèt fizik ak emosyonèl

Kòm pwotektè ak gadyen timoun nou, paran abitye pran swen tout aspè nan lavi timoun yo. Men, kòm nou tout konnen, yon jou paran yo pral oblije lage responsablite sa a bay yo. Poutèt sa, youn nan ladrès ki pi enpòtan nou ka bay se aprann pran swen tèt yo.


Erezman, jodi a nou konn pi plis sou pran swen pwòp tèt nou, kidonk nou ka kòmanse montre pitit nou pandan yo byen jèn yon jan pozitif pou yo konn fè sa. Youn nan bagay ki pi enpòtan pou aprann timoun yo se jan pou pran swen tèt yo fizikman, men paran jodi a kapab fè gwo pwogrè tou nan ede timoun yo pran swen tèt yo mantalman e emosyonèlman. 

Li piplis

The Children’s Trust Asiste Fanmi Ki Nan Bezwen

Enskripsyon Pou Benefis Piblik ak inisyativ FNSP pou bay asistans

Done resansman ki pi resan montre prèske mwatye nan timoun Miami-Dade abite nan kay ki gen pòvte oswa ki gen revni fèb, osinon nan fanmi ki gen yon sèl paran kote nivo povrete a pi wo nan zòn sa yo. Anpil fanmi sa yo kalifye pou benefis, tankou asistans nitrisyonèl , lojman, asirans, benefis enèji kay, pwogram apre lekòl ak ete ki pa koute chè ou gratis, elatriye. Menm si sa, anpil nan moun ki nan bezwen pa pwofite de resous yo paske yo pa konn de yo, ou fanmi an pa konn li byen, baryè lang, sitiyasyon imigrasyon, twòp papye pou regle, oswa lòt obstak. 

Li piplis

Spooky Symphony Retounen Bay Mizik ki fè pè

Òkès yo ap fè pèfòmans pou 14èm Ane nan dat 29 oktòb

Ki sa ki gen nan mizik ki fè pè yo ki lakoz yo kapab leve tout plim sou po ou? Menm si se chan tèm nan pou Jaws, Halloween oswa 13th Friday, gen kèk mizik ki fè nou vle kache anba dra yo. Sètènman, nan yon fason oubyen nan yon lòt, nou tout ka pran plezi nou nan yo. Sa a se lide a ki toujou enspire Spooky Symphony e kòm konsè Halloween la ap rantre nan 14èm ane li, adrenalin sèten chante evoke nan noun toujou fè nou anvi plis toujou.

Li piplis

Liv Mwa a: A Day with No Words Anseye Espwa ak Defi pou Moun Ki Andikape yo

A Day with No Words Anseye Espwa ak Defi pou Moun Ki Andikape yo Liv A Day with No Words la se yon rapèl pwisan ke pawòl nou yo ak aksyon ka afekte moun ki bò kote nou yo anpil. Liv la baze sou eksperyans yon jèn ti gason otis ki vizite pak la ak manman l.


Lè lòt moun ap pale fò se tankou yon tanpèt sa souvan ye pou li tandis ke vwa dous se tankou "bon jan ti krèm ki fèk prepare.” Lè ti gason an anbrase tress epi li vire pye atè, lòt timoun ak paran nan pak la, ba li rega ki frèt epi plis izole l. Manman l reyaji kòmsadwa e li defann li. Otè tiffany Hammond se otis e li ap elve de ti gason otis. Li defann timoun otis atravè sit entènèt li e nan premye liv foto li li raple lektè yo ke menm si yon moun pale oswa aji nan diferan fason, yo toujou tande sa ki te di. Mesaj pou jèn lektè yo se gen pasyans epi respekte lòt moun, sa ki gen ladan moun ki diferan.


A Day with No Words se youn nan liv estaf Miami-Dade Public Library's Staff Picks kote mwa sa a

konsantre sou timoun ki gen bezwen espesyal oswa andikap kòm yon pati nan Mwa Nasyonal

Konsyantizasyon Sou Travay Andikap. Li plis sou A Day with No Words ak lòt liv estaf la Chwazi nan

Miami-Dade County Library System nan www.mdpls.org/staff-picks. Pou enskri pou The Children's Trust Book Club pou resevwa yon liv gratis chak mwa pou timoun ki enskri soti nan 0-5 an, voye "READ" nan 786. 460.CLUB (2582).

Resous pou paran yo

Èske w ap chèche yon pwogram apre lekòl pou pitit ou a? Children's Trust finanse diferan pwogram apre lekòl ki mete aksan sou plezi ak edikasyon.

Chwa kan ete yo

Parent Club ofri atelye GRATIS, nan tout konte a sou sijè ki enpòtan sou elve timoun ki gen siksè, ki an sante, ak kè kontan.



Parent Club
Pou aprann plis vizite www.TheChildrensTrust.org oswa rele 211.
Ann rete konekte!
Facebook  Instagram  Twitter  Linkedin  Youtube  Pinterest