Nov - Des 2023


Jan Pou N
Elve
Timoun

Fè jou Sezon Nwèl yo Espesyal

Pran tan w, ralanti epi reflechi sou fanmi w ak tradisyon w yo

Timoun nou renmen jou konje. Tan san lekòl, kado ak posibilite pou pase anpil èdtan ap jwe jwèt elektwonik oswa sou rezo sosyo. Se kèk nan rezon sa yo, ki fè timoun jodi yo pa ka tann konje ivè. Tout sa oke, men se pa bagay sa yo ki pi bon pandan epòk fèt yo. Paran ak moun kap bay swen gen responsablite pou raple timoun nou k ap grandi vre valè jou fèt sa yo.


Malgre chak fanmi diferan, gen kèk faktè nou tout ka eksplike pouki nou anvi mwa Desanm rive paske pafwa nou oblije lite pandan rès ane a ki fè nou pa ka tann jou konje sa yo. Men sèt fason pou aprann timoun nou menm valè sa yo:

Li piplis

Rann Konfò epi ede Timoun ou Atravè Evènman Difisil nan Mond lan

Otè James R. Haj, Prezidan ak Direktè Jeneral The Children Trust

Pou yon timoun kap wè imaj twoublan ak videyo konfli mondyal, efè yo ka menm pi difisil pou yo pase rès nan nou. Nivo estrès ka pi fasil ogmante pou timoun yo si yo ekspoze a yon pakèt medya entans, ki ka mennen sentòm enkyetid oswa depresyon. Paran ak moun kap bay swen dwe obzève jan sitiyasyon sa yo ka gen enpak sou byennèt emosyonèl pitit yo, epi deside si yo vle diminye sa yap gade, epi ofri eksplikasyon apwopriye pou laj yo sou sa kap pase a.


Paran konnen pitit yo pi byen. Konsidere pèsonalite endividyèl ak karakteristik timoun yo pou deside kijan pou abòde sijè difisil sa yo. Menm si sa, gen kèk bagay tout granmoun ka konsidere lè yap kominike ak timoun sou sitiyasyon konplèks.

Li piplis

Nouvo Mini Teren Foutbòl Ouvè Anba Lavil nan Miami; Gen Anpil lòt Toujou

Just Ball League Kòmanse an Oktòb

Nan mwa Oktòb, premye mini teren foutbòl ki te bati nan Sid Eta Florid nan kad Miami-Dade Soccer Initiative, te louvri pòt li yo pou Just Ball League la ak finansman The Children’s Trust pa Centro Mater Foundation.


Teren foutbòl la ak pwogramasyon foutbòl gratis ki patwone pa Trust la ki pral òganize sou li yo fè pati yon pwojè anbisye ki pral devlope 50 nouvo teren foutbòl nan zòn ki pa gen anpil sèvis nan kominote a pou amelyore sante ak byennèt omwen 36,000 timoun apati de lane 2030.

Li piplis

Vennsèt Timoun Adopte nan Jounen National Adopsyon an nan Miami- Dade

Konsidere adopte epi chanje lavi yon timoun oswa yon jèn pou tout tan.

Jounen Nasyonal Adopsyon an te nan mwa novanm epi nan Miami-Dade County li te selebre ak adopsyon 27 timoun nan yon gwo evènman ak seremoni nan Miami Children's Museum of Science . Evènman an te ranpli ak kè kontan pou timoun sa yo ki te adopte se te premye jou rès lavi yo ak fanmi pou tout tan yo.


Epi pandan selebrasyon yo pral dire tout lavi, dè santèn de milye timoun rete nan sistèm swen adoptif la ak bezwen adopsyon atravè peyi a. Nan Konte Miami-Dade, anviwon 120 timoun ki gen laj pou soti nan sistèm swen adoptif la chak ane san yo pa janm adopte. Gen plis pase 1,000 timoun nan konte nou an k ap tann yo adopte.

Li piplis

Nouvo paj Find-A-Program sou sit entènèt The Children’s Trust

Children's Trust la finanse plizyè santèn pwogram ki gen misyon pou ede timoun, jèn ak fanmi nan komin Miami-Dade. Men, jwenn pi bon pwogram pou pitit ou yo ka difisil paske paran yo bezwen konsidere diferan kalite pwogram, ak yon varyete lòt faktè. Pou gide yo atravè tout chwa yo epi ede jwenn youn ki pi bon bezwen fanmi yo, The Trust te fèk relanse yon nouvo paj Find-A-Program amelyore sou li sit entènèt li an.


Paran yo ka ale sou paj la lè yo ale nan Paj dakèy Trust la , desann epi klike kote li di, “Find a Program” , oswa ale dirèkteman nan TheChildrensTrust.org/Find-a-Program. Yon fwa sou paj la, vizitè yo ka klike sou "Child Care Program" pou chèche pwogram aprantisaj bonè, oswa “Other Program” ki bay lis pwogram apre lekòl, kan ete ak pwogram bezwen espesyal, ansanm ak pwogram sipò pou fanmi ak pwogram enskripsyon benefis piblik yo.


Tou de paj yo genyen kat ke vizitè yo ka defile pou jwenn pwogram yo an fonksyon de adrès kote yo ye, ansanm ak filtè ki pèmèt rechèch pa non, kòd postal pou pwogram aprantisaj bonè, ak pa kategori, klas ak laj, epi non ak kòd postal pou lòt pwogram Trust finanse.

Enfòmasyon espesifik sou pwogram yo gen ladann imèl, sit entènèt, adrès ak pi plis toujou.


Resous pou paran yo

Èske w ap chèche yon pwogram apre lekòl pou pitit ou a? Children's Trust finanse diferan pwogram apre lekòl ki mete aksan sou plezi ak edikasyon.

Chwa kan ete yo

Parent Club ofri atelye GRATIS, nan tout konte a sou sijè ki enpòtan sou elve timoun ki gen siksè, ki an sante, ak kè kontan.



Parent Club
Pou aprann plis vizite www.TheChildrensTrust.org oswa rele 211.
Ann rete konekte!
Facebook  Instagram  X  Linkedin  Youtube