Jan Pou N
Elve
Timoun

Le 10 Septanm Vin Selebre Nan HistoryMiami '‘Jounen The Children’s Trust’ Pou 20 Yèm Anivèsè Yo

Jounen Plezi an Fanmi Gratis Ak Ekspozisyon 20yèm Anivèsè Nan Mize a

Pou onore 20yèm anivèsè nou, Majistra Miami-Dade Danielle Levine Cava ak Konsèy Komisyonè Konte a te pwoklame 10 septanm "The Children's Trust Day" e pi bon jan pou selebre ak fanmi w anivèsè The Children's Trust la se patisipe ak fanmi w nan Selebrasyon 20 èm Anivèsè The Children’s Trust Family Fun Day nan HistoryMiami, 10 septanm, de 10 a.m. rive 4 p.m, nan 101 West Flagler St., Miami, FL 33130.


Egzibisyon 20yèm anivèsè The Children's Trust la ap nan Community Gallery of HistoryMiami jiska 11 Desanm pou w ka konnen kwonoloji reyalizasyon istorik Trust la, istwa moun ki te ede yo rive kote yo ye jodi a epi konn timoun yo enfliyanse pozitivman. HistoryMiami's Family Fun Day se yon evenman GRATIS ki ap gen aktivite pou timoun, vizit egzibisyon, elatrye!


Li piplis

Aprann Timoun Respekte Otorite San Anile Kiryozite Natirèl Yo

Montre konpòtman ou vle a epi pa kite mank respè pase san obzèvasyon

Gen yon liy ant anseye timoun yo respekte otorite ak aprann kesyone sa wap di akòz kiryozite yo. Li pa fasil. Epi, tou de jan yo ka bay pwoblèm. Men vreman tou de pa oblije enkonsistan.


Anplis ede timoun konprann lòd debaz nan lavi epi bay paran estrikti pou dirije kay yo, anseyèman respè apwopriye pou otorite simante lòt kalite enpòtan nan timoun yo tankou imilite, devwa ak responsabilite pèsonèl. An menm tan, li bon pou timoun kesyone bagay yo wè nan mond lan, tankou kèk bagay lòt granmoun ak lòt otorite fè ou di, depi se ak respè yo fè l.

Li piplis
Resous pou paran yo
Èske w ap chèche yon pwogram apre lekòl pou pitit ou a? Children's Trust finanse divès pwogram apre lekòl ki mete aksan sou pwogram enteresan, aktif ak edikatif.
Pwogram apre lekòl
Nan nouvo The Children’s Trust Book Club la ap vini ankò ak kèk nouvo liv gratis, chak mwa, kote y ap voye yo ba wou palapòs pou tout timoun nan Miami-Dade ki fèk fèt rive nan laj 5 an. 
Book Club
The Children’s Trust Parent Club ofri atelye GRATIS, nan tout konte a sou sijè ki enpòtan sou elve timoun ki gen siksè, ki an sante, ak kè kontan.

Aplike
Men kote ouka jwen enfòmasyon ki ka ede'w jere kriz Kowona nan
Paj Coronavirus Konte Miami-Dade la sou ki kote ak kijan pou enskri pou pran vaksen COVID-19:
Vizite Sit Wèb
CDC a te gen yon paj entènèt espesyal ak Kowona enfòmasyon, dènye yo ak konsèy.


Vizite Sit Wèb
Depatman Sante Eta Florid paj Kowona nan

Vizite Sit Wèb
Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la gen yon paj Coronavirus, osi byen ke yon Gid pou Paran pou Novel Coronavirus la.
Vizite Sit Wèb
Pou aprann plis vizite www.TheChildrensTrust.org oswa rele 211.
Ann rete konekte!
Facebook  Instagram  Twitter  Linkedin  Youtube  Pinterest