Greater Miami Youth Symphony ak Alhambra Orchestra pral pèfòme 24 Oktòb
Pwal bra w kanpe, chèdepoul ak fredi w santi kap kouri monte dèyè kou w vle di yon sèl bagay - Spooky Symphony a tounen, an pèsòn pou 12yèm ane li Dimanch, 24 Oktòb, 4 pm.
Spooktacular Spooky Symphony, The Children’s Trust te prezante ane pase te vityèl tankou anpil lòt plezi. Men, ane sa a, laperèz ap tounen an pèsòn nan Oditoryòm Miami-Dade County pandan yon konsè kote Alhambra Orchestra ak Greater Miami Youth Symphony pral pèfòme.
Pandan ke Greater Youth Miami Symphony ap frape sou sèn nan, videyo pral projte dèyè òkès la. The Alhambra Orchestra ap nan videyo tou. Huifang Chen pral dirije Greater Miami Youth Symphony, e Daniel Andai pral dirije The Alhambra Orchestra.