Janvye 2024


Jan Pou N
Elve
Timoun

Kòmanse ane a pa Enskri pou Youn nan Anpil-Pwogram ki Finanse pa Trust la

Nouvo pwogram ak pwogram elaji yo ofri pou timoun Miami-Dade ak fanmi yo

Chak nouvo ane se yon opòtinite pou yon nouvo kòmansman: yon chans pou aprann, devlope ak amelyore sou wout ou pou mennen yon lavi ki pi rich ak pi ranpli. Fanmi Nan Miami - Dade County gen chans pou yo kapab konte sou Trust Timoun yo, ki ofri yon seri de pwogram gratis oswa ba pri gras ak founisè li yo pou tout moun, soti nan timoun piti, preskolè, timoun ki gen laj lekòl e menm jèn adilt. 


Jwenn ki pwogram, resous ak sèvis ki disponib kapab yon travay redoutable kòm paran yo peze bezwen yo, enterè yo ak lòt faktè ki antoure devlopman pitit yo. Pou gide yo nan tout chwa yo epi ede jwenn youn ki pi bon bezwen fanmi yo, Trust la relanse dènyèman yon nouvo paj amelyore sou sit entènèt yo a ki rele Find-A-Program. 


Li piplis

Fòmasyon fòs Emosyonèl

Ekipe pitit ou pou l ka elve nivo l ak elegans

Pitit ou briye nan kou adisyon jaden danfan epi nan nivo klas dizyèm li vin dezespere ak kou divizyon. Oswa adolesan w gen enkyetid sou fason pou l navige koulwa ak kamarad nan yon nouvo lekòl presegondè. Paran yo eseye yon apwòch rasyonèl ki bay lanmou pou resoud defi timoun yo epi ede yo devlope estrateji pou siviv. Konplimante efò plis pase rezilta pou kiltive yon mantalite devlopman ak detèminasyon atravè batay pou simonte obstak.

Li piplis

An Fevriye Trust la Pral Anonse Pwogram “Innovation Fund”

The Children's Trust angaje l pou l envesti nan pwogram ak sèvis ki baze sou prèv ki demontre yon enpak pozitif sou byennèt timoun ak fanmi. Men, se pa tout pwoblèm rezidan Konte Miami-Dade yo ap fè fas ki ka rezoud ak pwogram oswa sèvis ki egziste deja. Gen kèk defi ki nouvo, oswa ki pa ko idantifye jisk kounye an, e gen lòt yo konnen ki pa ko adrese ak pwogram sa yo.


Se poutèt sa The Children’s Trust envesti nan Innovation Fund li a, yon pwogram sibvansyon pou ide ak konsepsyon pwogram orijinal ki adrese bezwen kominotè ki egziste deja e ki pa te janm an fonksyon nan kominote nou.

Li piplis

Trust la fè “Walking One-Stop” nan Hialeah 

Anplwaye Trust ak founisè yo al de pòt an pòt pou bay enfòmasyon ak resous. Regilyèman li pi difisil pou jwenn anpil timoun ak fanmi ki plis bezwen asistans. Kit akòz mank konsyans, ensekirite lojman, gwo pousantaj krim nan katye oswa lòt faktè sosyal ak fizik. Moun sa yo vreman pa gen avantaj nan chèche resous ki ta ka ede anrichi lavi yo ak jere sitiyasyon difisil.


Sa se youn nan rezon ki fè Wayne Rawlins devlope modèl Walking One Stop la pou bay èd nan Komi note ki nan bezwen yo. Se poutèt sa The Children's Trust al asosye ak Rawlins pandan kòmansman mwa Desanm pou òganize premye Walking One Stop nan Hialeah.

Li piplis

Something, Someday Aprann Timoun Aji Pou Fè Monn Nan Vin Pi Bon

Chak nouvo ane se yon okazyon pou timoun yo dekouvri diferan kilti, pratik, fason yo ka grandi ak fè yon enpak pozitif nan kominote yo. Nan Something, Someday, jèn lektè yo dekouvri yon timoun ki okouran de anpil bagay nan ki mal lavi. Olye li kite bagay sa yo febli lespri l, li deside fè yon bagay sou sa.


Malgre anpil moun eseye dekouraje l, lòt moun vin jwenn li pandan l ap eseye fè yon ti diferans tankou ranmase fatra sou twotwa, plante yon jaden kominotè, elatriye. Timoun ki aprann istwa sa a pral pran kouraj lè yo gade sitiyasyon twoublan ou difisil nan lavi yo epi yo pral gen fòs pou pran aksyon ki ka jenere pi gwo enpak.


Seleksyon Chwa Anplwaye Sistèm Bibliyotèk Miami-Dade nan mwa sa a baze sou diferan tradisyon pou montre kijan timoun yo ka selebre yon nouvo kòmansman pandan yap fè chanjman pozitif nan lavi yo ak nan kominote yo. Tcheke sa nan www.mdpls.org/staff-picks. Pou enskri nan Children’s Trust Book Club kote timoun 0-5 lane jwenn yon liv gratis chak mwa pa lapòs, voye tèks “READ” nan 786.460.CLUB (2592). 


Nouvo paj Find-A-Program sou sit entènèt The Children’s Trust

Children's Trust la finanse plizyè santèn pwogram ki gen misyon pou ede timoun, jèn ak fanmi nan komin Miami-Dade. Men, jwenn pi bon pwogram pou pitit ou yo ka difisil paske paran yo bezwen konsidere diferan kalite pwogram, ak yon varyete lòt faktè. Pou gide yo atravè tout chwa yo epi ede jwenn youn ki pi bon bezwen fanmi yo, The Trust te fèk relanse yon nouvo paj Find-A-Program amelyore sou li sit entènèt li an.


Paran yo ka ale sou paj la lè yo ale nan Paj dakèy Trust la , desann epi klike kote li di, “Find a Program” , oswa ale dirèkteman nan TheChildrensTrust.org/Find-a-Program. Yon fwa sou paj la, vizitè yo ka klike sou "Child Care Program" pou chèche pwogram aprantisaj bonè, oswa “Other Program” ki bay lis pwogram apre lekòl, kan ete ak pwogram bezwen espesyal, ansanm ak pwogram sipò pou fanmi ak pwogram enskripsyon benefis piblik yo.


Tou de paj yo genyen kat ke vizitè yo ka defile pou jwenn pwogram yo an fonksyon de adrès kote yo ye, ansanm ak filtè ki pèmèt rechèch pa non, kòd postal pou pwogram aprantisaj bonè, ak pa kategori, klas ak laj, epi non ak kòd postal pou lòt pwogram Trust finanse.

Enfòmasyon espesifik sou pwogram yo gen ladann imèl, sit entènèt, adrès ak pi plis toujou.


Resous pou paran yo

Èske w ap chèche yon pwogram apre lekòl pou pitit ou a? Children's Trust finanse diferan pwogram apre lekòl ki mete aksan sou plezi ak edikasyon.

Chwa kan ete yo

Parent Club ofri atelye GRATIS, nan tout konte a sou sijè ki enpòtan sou elve timoun ki gen siksè, ki an sante, ak kè kontan.



Parent Club
Pou aprann plis vizite www.TheChildrensTrust.org oswa rele 211.
Ann rete konekte!
Facebook  Instagram  X  Linkedin  Youtube