Istwa Ruby Bridges la, se istwa yon ti Amerikèn nwa ki gen 6 an ki rete New Orleans, ki te premye etidyan nwa ki te ale nan yon lekòl blan nèt nan Sid peyi a nan ane 1960. Istwa sa a se yon istwa ki reprezante kouraj ak posiblite pou chanjman. Istwa Ruby a sèvi kòm yon pon ant yon epòk kote te gen enjistis rasyal travèse sou epòk kote gen espwa pou yon demen miyò.
Chak ane yo selebre Mwa Istwa moun nwa nan mwa Fevriye epi yo komemore reyalizasyon ak lit pèp Nwa Ameriken an ap mennen. Evènman ki pase an 2020 yo ak sa ki deja pase ane sa a, montre ki jan peyi nou an gen anpil travay pou l fè anvan l jwenn gerizon pou tout maleng ki nan istwa peyi a epi pou l korije inegalite ki egziste jodi a ap poblèm ras peyi a genyen yo. Li istwa Ruby a epi al tcheke ki liv Bibliyotèk piblik Miami-Dade sijere nou li mwa sa ki chita sou esperyans Ameriken nwa nan peyi sa a. Al sou sit sa a www.mdpls.org/staff-picks. Pou nou enskri nan klib liv The Children’s Trust la, kote yo bay timoun 0-5 an yon liv gratis pa lapòs chak mwa, voye mesaj sa a “LIV” sou nimewo telefòn sa a 786.460.CLUB (2582).