Fevriye 2024


Jan Pou N
Elve
Timoun

Fab Lab Miami Louvri nan Homestead Pou Pote Jèn Nan Espas Teknoloji

Children’s Trust yo dirije kolaborasyon ant finansè yo pou elaji STEAM nan kat kwen konte a

Anndan kè Homestead nan Sant Kominotè Phicol Williams teknoloji ap fleri. Enprimant Twa-d yo ap frape, boul entelijan ki baze sou itilizatè yo ap woule e kòd yo ap ekri. E tout nan direksyon elèv lekòl presegondè ak segondè ki pwobableman pat gen yon chans yo sèvi ak teknoloji sa a jis yon ti tan de sa. 


Kounye a, plis pase 120 timoun ap jwenn pou flechi STEAM yo (Syans Teknoloji Jeni Atizay ak Matematik) se gras ak ouvèti A Nan Fab Lab Miami nan yon anviwònman ki te kreye pou sèvi yon kominote ki otreman pat ap gen aksè ak sa. Fab Lab Miami se dezyèm kolaborasyon Ant Children Trust Ak Plizyè lòt patnè ki te reyini pou gaye aprantisaj STEAM bay elèv ki nan kominote ki manke sèvis Yo atravè enstriksyon pratik nan fabrikasyon dijital ak lòt aktivite STEAM. Lòt Fab Lab opere soti nan yon lòt founisè Trust finanse, Belafonte TACOLCY Center nan Liberty City, pandan y ap anvizaje yon twazyèm kote.

Li piplis

Ki sa ou ka fè Konsènan ChatGPT?

Paran yo bezwen rete enfòme de entèlijans atifisyèl ak kijan li ka afekte edikasyon pitit yo

Pandan ane lekòl la te kòmanse ane pase a, paran yo te retwouve yo nan yon nouvo peryòd edikasyonèl kote Entèlijans Atifisyèl (ai) vin de pli zan pli komen nan lavi akademik adolesan yo. Diskisyon ozalantou sal klas yo ak nan fanmi yo santre an gran pati nan mande si nouvo pwogram entèlijans atifisyèl (AI), an patikilye sa yo ki ka ekri ak "panse" pou kont yo, pa ta ka konplete aprantisaj tradisyonèl oswa vin yon rakousi nan reyisit ki ta ka reprezante gwo danje olye de yon sipò nan devlopman yon elèv.


IBM Defini li kòm yon branch nan syans ak jeni ki fè sistèm òdinatè entelijan ki imite kapasite moun genyen pou rezoud pwoblèm ak pou pran desizyon. Nan tan lontan, se te nan domèn syans fiksyon yo te konn pale de entèlijans atifisyèl (ai). Men, de tan zantan, nou wè aplikasyon li nan mond reyèl la ap vin pi popilè lakay yon bon pati nan popilasyon an. 

Li piplis

Trankil, Kalm ak Gen Konpasyon

Se pi bon pratik parantalite Pitit 10-zan w inyore demann wap repete pou li sispann goumen ak ti frè l ak sispann rele. Oswa nan sinema, ti adolesan w plen boutèy dlo li de fwa ak yon slushy san l pa peye. Olye pou joure pitit ou vit jiskaske li gen remò, konsidere pran mantalite yon antrenè pou anseye nan moman an, epi afwonte kopòtman an ak yon apwòch kolektif ki refleksyonan. Espè yo di estil sa a ki pi janti ak dou pral ede timoun nan jere emosyon pi byen ak amelyore konpòtman l pandan lap grandi e sa pral vin efikas alontèm.

Li piplis

Yon Gid Rapid Sou Konman Pou Pwoteje Fanmi Kont Dife Pou Yo Pa Boule

Timoun eksplore mond lan lè yo manyen, ap grenpe, epi fè eksperyans ak nenpòt bagay ki atire atansyon yo. Li ka byen difisil pou toujou ap swiv yon timoun kirye. Men, sa a ka riske, paske timoun ka jwenn ak manyen anpil bagay ki ka danjere nan yon kay.


Gen sitiyasyon komen ki ka koze gwo malè pou yon timoun tankou vèse yon tas kafe cho, benyen ak dlo twò cho, manyen recho oswa fou, oswa boule nan kwit manje ak yon mikwo ond. Dapre Sant Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC), timoun ki pi piti yo gen tandans boule akòz dlo cho, e lòt sa ki pi gran yo gen tandans vin boule nan kontak dirèk ak flanm dife. Timoun yo souvan pa okouran danje sa yo epi yo depann de granmoun pou pwoteje yo kont sitiyasyon danjere.

Li piplis

Liv Mwa A: Jerry Chanje Jwèt la! Selebre Enjenyè Jwèt Videyo

Jerry Changed the Game! se yon istwa enteresan kote timoun yo pral vin konn Jerry Lawson ki se yon brikolè ki fè pasyon anfans li vin tounen yon revolisyon ki fòme platfòm jwèt video. Pandan timoun yo ap li istwa a, yap dekouvri pouvwa kiryozite, rezistans ak dezi pouswiv rèv yo.


Naratif la eksplike istwa lavi Lawson ak brikolaj. An menm tan li pale de lè li te ale nan kolèj nan ane 1960 kote li vin tounen yon enjenyè. Apre sa li al travay nan Silicon Valley. Akòz travay li, li vin rive devlope yon òdinatè pou jwèt videyo ki te fè li posib pou jwe plizyè jwèt sou yon sèl sistèm. Poutèt sa, jodi a nou gen anpil sistèm popilè, tankou Sony PlayStation, Microsoft Xbox, ak Nintendo Switch. 


Liv la pral enterese timoun ki renmen jwèt videyo e ki vle konnen istwa yo ki ap enspire moun tout laj swiv rèv ak enterè yo. Liv la se youn nan Chwa Anplwaye mwa sa a kap selebre Black History Month (Mwa Istwa Moun Nwa) nan Sistèm Bibliyotèk Miami-Dade. Tcheke sa nan www.mdpls.org/staff-picks. Pou enskri nan Children’s Trust Book Club, kote timoun 0-5 lane jwenn yon liv gratis chak mwa pa lapòs, voye tèks “READ” nan 786.460.CLUB (2582).

Nouvo paj Find-A-Program sou sit entènèt The Children’s Trust

Children's Trust la finanse plizyè santèn pwogram ki gen misyon pou ede timoun, jèn ak fanmi nan komin Miami-Dade. Men, jwenn pi bon pwogram pou pitit ou yo ka difisil paske paran yo bezwen konsidere diferan kalite pwogram, ak yon varyete lòt faktè. Pou gide yo atravè tout chwa yo epi ede jwenn youn ki pi bon bezwen fanmi yo, The Trust te fèk relanse yon nouvo paj Find-A-Program amelyore sou li sit entènèt li an.


Paran yo ka ale sou paj la lè yo ale nan Paj dakèy Trust la , desann epi klike kote li di, “Find a Program” , oswa ale dirèkteman nan TheChildrensTrust.org/Find-a-Program. Yon fwa sou paj la, vizitè yo ka klike sou "Child Care Program" pou chèche pwogram aprantisaj bonè, oswa “Other Program” ki bay lis pwogram apre lekòl, kan ete ak pwogram bezwen espesyal, ansanm ak pwogram sipò pou fanmi ak pwogram enskripsyon benefis piblik yo.


Tou de paj yo genyen kat ke vizitè yo ka defile pou jwenn pwogram yo an fonksyon de adrès kote yo ye, ansanm ak filtè ki pèmèt rechèch pa non, kòd postal pou pwogram aprantisaj bonè, ak pa kategori, klas ak laj, epi non ak kòd postal pou lòt pwogram Trust finanse.

Enfòmasyon espesifik sou pwogram yo gen ladann imèl, sit entènèt, adrès ak pi plis toujou.


Resous pou paran yo

Èske w ap chèche yon pwogram apre lekòl pou pitit ou a? Children's Trust finanse diferan pwogram apre lekòl ki mete aksan sou plezi ak edikasyon.

Chwa kan ete yo

Parent Club ofri atelye GRATIS, nan tout konte a sou sijè ki enpòtan sou elve timoun ki gen siksè, ki an sante, ak kè kontan.



Parent Club
Pou aprann plis vizite www.TheChildrensTrust.org oswa rele 211.
Ann rete konekte!
Facebook  Instagram  X  Linkedin  Youtube