Pou aprann plis vizite www.ToutTimoun.org oubyen rele 211
27 Mas 2020
The Children's Trust ap dedike dènye bilten pou paran yo sou suje ki ka ede yo jere kriz "Coronavirus" lan.
Ann pwofite nouvo reyalite sa a lakay ak timoun yo
Lè w fè pi bon ou a paran pandan Coronavirus pandemi
Èske w ap tann pou wè kouman tout bagay ap ye chak jou pandan epidemi mondyal viris Kowona a? Bon, ou mèt sispann tann. Li lè pou w pran kontwòl sou lavi ou, oswa sou tout sa ou kapab nan lavi w. Sa ap kòmanse lakay, kote w pral pase plis tan ansanm ak pitit ou pou yon ti bout tan.
Li piplis
Photo: the faces/stock.adobe.com
Men Kouman Pou Jere Panik Pandan Yon Pandemi
Efè Coronavirus la genyen sou mantalite timoun yo
Nan tan kap vini an, youn nan bagay ki pral pi gwo priyorite pou chak paran se kenbe timoun yo lwen de Coronavirus la pou yo pa ekspose a li. Konsantrasyon sèlman sou aspè fizik la pral yon erè. Efè mantal pandemi a pral genyen sou nou tout, espesyalman sou moun ki pa fin gen kapasite pou jere estrès, pral yon konsekans terib nan moman sa yo ki pa gen parèy.
Li piplis
Photo: vovan/stock.adobe.com
Ou pare, Ann ale, Resansman an sou nou!
Pa gen danje ladan. Se yon bagay ki fasil. Se yon bagay ki enpòtan.
Sèl si w te kache anba yon gwo wòch, pou w pa ta konnen 2020 se ane pou fè resansman nan peyi Etazini. Lè n reflechi tout bon vre, moun ki kache lakòz gwo poblèm nan kesyon resansman an. Gen anpil moun ki fè erè lè yo panse resansman an ak moun k ap travay pou fè resansman yo se enfòmasyon yo vin pran nan men moun pou sèvi kont yo oswa kont fanmi yo.
Li piplis
Photo courtesy of Miami-Dade County
Lòt nouvèl
Majistra Carlos Gimenez te fèmen tout pak ak plaj yo