Mas 2024


Jan Pou N
Elve
Timoun

Leve Rido a pou Ekspoze Talan Pitit ou

Eksperyans atizay pèfòmans tankou Young Talent Big Dreams devlope konfyans pèsonèl ak kreyativite

Elèv ki etidye boza pa sèlman kiltive aktivite atistik; yo ap trase yon chemen pou yon pi bon avni. Patisipe nan etap oswa lòt eksperyans, repetisyon ak lòt eleman nan boza ede timoun ak jèn devlope yon varyete de ladrès ki pral itil byen nan adilt ak pandan tout lavi yo.


Rechèch afime ekspozisyon atistik redwi chans kite lekòl ak rann pi bon siksè akademik. Yon etid National Endowment of the Arts ki gen tit "The Arts and Achievement in At-Risk Youth" te jwenn dapre etid la "Adolesan ak jèn adilt ki gen yon sitiyasyon sosyoekonomik ba ki gen eksperyans patisipasyon atistik apwofondi montre pi bon rezilta akademik pase jèn ki patisipe mwens nan atizay." “Sa montre tou yo vin gen pi bon nòt ak plis chans ale nan kolèj epi reyisi.

Li piplis

Dirije ou vè Reyalizasyon: Pwogram ete pou Anrichisman ak kè Kontan

Puiske sezon livè a fini epi lete ap pwoche byen vit, moman an rive pou ou rezève yon plas nan kan espò, atizay oswa akademik, avanti nan sèvis kominotè oswa estaj ki baze sou karyè ki koresponn ak enterè pitit ou, orè ou ak tout bidjè ou. Soti nan rechèch pou chwal lanmè nan Bè Biskeyn, pou aprann chimi kantik pou fè eksperyans dòmi lwen kan ak do chwal, Miami ofri yon kaleydoskop nan pwogram ede timoun yo file ladrès, eksplore nouvo domèn ak elaji zòn konfò pi lwen pase linivè lekòl yo. Alòs, chèche epi w a jwenn pi bon opsyon pou plezi ak rafrechisman plis kwasans ak devlopman.

Li piplis

Trust Book Club Redemare ak Objektif pou Genyen 60 mil Manm

Chak mwa, yon liv gratis ap rive atavè lapòs pou chak timoun Miami-Dade depi nesans yo jiska 5 lane. L ap gen gid lekti ak aktivite kap ede paran yo jwi lekti ak pitit yo. Se sa The Children’s Trust Book Club ofri paran kòm yon fason pou devlope ladrès alfabetizasyon nan yon jann ki amizan ak enteresan.


Depi komansman Klib Lekti an pandan lane 2015, li vin agrandi an 2020. Apre yon pòz, enskripsyon yo te rekòmanse nan fen ane pase akòz anpil demann. Objektif nou se anrejistre 60,000 timoun Miami-Dade. Kounye an, gen plis pase 42,000 epi depi 2020 nou te distribye.plis pase 1.6 milyon liv.

Li piplis

Prevansyon Anpwazònman nan la kay ou

Dapre American Academy of Pediatrics, gen plis pase 2 milyon konsomasyon sibstans ki potansyèlman toksik daprè sa ki rapòte nan sant kontwòl pwazon nan peyi etazini an chak ane. Anpil nan ekspozisyon sa yo enplike timoun ki poko gen 19 an.


Gen anpil atik nan kay ki ka toksik pou timoun ki gen ladan medikaman, pwodwi netwayaj, alkòl, plant e menm pwodui kosmetik. Leman, ti batri ak pwodui pou lesiv yo se lòt atik ki fasil pou jwenn ki ka danjere si timoun piti yo ta manje yo. Si pitit ou a vale youn nan sa yo, yo pral bezwen jwenn èd byen vit.

Li piplis

Yon Gid Rapid Sou Konman Pou Pwoteje Fanmi Kont Dife Pou Yo Pa Boule

Konpetisyon Young Talent Big Dreams ane sa a pwomèt pou l pami sa k pi eksitan. Ap gen timoun ki sòti toupatou nan Miami-Dade ki pare pou monte sou sèn nan pou montre jan kominote nou an nouri ak devlope talan plis pase okenn lòt kote nan peyi a. 


Actors’ Playhouse at the Miracle Theatre, ansanm ak prezantè patwonè The Children’s Trust, fyè pou prezante 14yèm anivèsè YTBD - konpetisyon talan lajenès GRATIS ki pi gaye nan Konte Miami-Dade. Timoun ki gen laj 8-18 an envite pou montre konpetans yo nan yon varyete kategori tankou mizik, dans, vwa, kreyasyon oral ak konpozisyon orijinal.

Li piplis

Nouvo paj Find-A-Program sou sit entènèt The Children’s Trust

Children's Trust la finanse plizyè santèn pwogram ki gen misyon pou ede timoun, jèn ak fanmi nan komin Miami-Dade. Men, jwenn pi bon pwogram pou pitit ou yo ka difisil paske paran yo bezwen konsidere diferan kalite pwogram, ak yon varyete lòt faktè. Pou gide yo atravè tout chwa yo epi ede jwenn youn ki pi bon bezwen fanmi yo, The Trust te fèk relanse yon nouvo paj Find-A-Program amelyore sou li sit entènèt li an.


Paran yo ka ale sou paj la lè yo ale nan Paj dakèy Trust la , desann epi klike kote li di, “Find a Program” , oswa ale dirèkteman nan TheChildrensTrust.org/Find-a-Program. Yon fwa sou paj la, vizitè yo ka klike sou "Child Care Program" pou chèche pwogram aprantisaj bonè, oswa “Other Program” ki bay lis pwogram apre lekòl, kan ete ak pwogram bezwen espesyal, ansanm ak pwogram sipò pou fanmi ak pwogram enskripsyon benefis piblik yo.


Tou de paj yo genyen kat ke vizitè yo ka defile pou jwenn pwogram yo an fonksyon de adrès kote yo ye, ansanm ak filtè ki pèmèt rechèch pa non, kòd postal pou pwogram aprantisaj bonè, ak pa kategori, klas ak laj, epi non ak kòd postal pou lòt pwogram Trust finanse.

Enfòmasyon espesifik sou pwogram yo gen ladann imèl, sit entènèt, adrès ak pi plis toujou.


Resous pou paran yo

Èske w ap chèche yon pwogram kan ete pou pitit ou a? Tcheke paj Plis Chwa Kan Ete a pou plizyè santèn pwogram ete gratis ak bon mache.

More Summer Camp Choices

Parent Club ofri atelye GRATIS, nan tout konte a sou sijè ki enpòtan sou elve timoun ki gen siksè, ki an sante, ak kè kontan.



Parent Club
Pou aprann plis vizite www.TheChildrensTrust.org oswa rele 211.
Ann rete konekte!
Facebook  Instagram  X  Linkedin  Youtube