Madi 23 Jiyè 2019          
SE SEZON VAKANS

Pase bon vakans!

Lekòl ap reouvri pou elèv lendi 12 out 2019.
Fòmasyon Pwofesyonèl pou Ajan Polis yo
Pandan vakans ete a, Polis Lekòl yo pran fòmasyon sou tout tip senaryo yo kapab rankontre pandan ane lekòl la. Ajan polis yo dwe resevwa 160 èdtan antrennman. Genyen anpil enpòtans pou yon ajan jwenn fòmasyon sa yo fason pou byen pwoteje epi sèvi elèv ak estaf nan lekòl yo ak tout distri a.   
Komite Direksyon Distri a Fè Chanjman nan Kalandriye Lekòl 2019-2020

Komite Direksyon Distri a vote pou ajiste kalandriye lekòl pou ane 2019-2020 an. Kòm rezilta, pou fèt veteran pa p genyen lekòl pou elèv 11 novanm 2019. Jou a se ap yon jou fòmasyon pwofesyonèl pou pwofesè epi yon jou travay regilye pou lòt anplwaye.
ENFÒMASYON OU DWE KONNEN

Kisa:  Ekspozisyon Sante Kominotè
Ki lè:     Samdi 3 out, 2019 - 8:00 AM-2:00 PM
Ki kote:  Boys and Girls Club Riviera Beach
                 221 W. 13 th Street, Riviera Beach, FL 33404

·          Ekzamen medikal pou rantre lekòl
·          Vaksinasyon
·          Egzamen tete
·          Egzamen Dan
·          Edikasyon sou sante ak resous
·          FOUNITI KLASIK GRATIS

Pou plis enfòmasyon, imel info@tljmedicalsociety.org oswa rele (561) 318-0814.
Tanpri suiv nou sou platfòm twitter kreyòl la?

Klike la a pou suiv nou sou Twitter @PBCSDKreyo l

Twitter se youn nan medya nou itilize pou bay nouvèl ak enfòmasyon ki soti nan distri a.
Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org |  561-738-2776  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.