Madi 9 Jiyè 2019          
NOU NAN DEZY ÈM MWA VAKANS

Pase bon vakans!

Lekòl ap reouvri pou elèv lendi 12 out 2019.
Paran: Revize Nòt FSA 2019 ak EOC yo, Mete Enfòmasyon pou Kontakte w Ajou

Depatman Edikasyon Eta Florid pibliye rezilta Tès FSA pou ane 2019 yo ak nòt egzamen final klas yo. Nòt yo disponib pou paran wè yo.

Paran kapab jwenn nòt elèv yo nan Sistèm Enfòmasyon pou Elèv la ( SIS ) ki sou paj entènèt distri a nan PalmBeachSchools.org , klike sou SIS Parent Gateway
Komite Direksyon Distri a Fè Chanjman nan Kalandriye Lekòl 2019-2020

Komite Direksyon Distri a vote pou ajiste kalandriye lekòl pou ane 2019-2020 an. Kòm rezilta, pou fèt veteran pa p genyen lekòl pou elèv 11 novanm 2019. Jou a se ap yon jou fòmasyon pwofesyonèl pou pwofesè epi yon jou travay regilye pou lòt anplwaye.  
Manje Gratis pou Tout Timoun Pandan Vakans Ete a
Distri a ofri dejene ak manje midi gratis nan plis pase 120 lokal. Lokal kote yo ap bay manje yo ap ouvri kote plis pase 50 pousan elèv yo kalifye pou manje gratis oswa a pri redui. Elèv ki nan pwogram pandan vakans yo oswa nan kan yo ap kapab jwenn manje gratis tou. Klike la a pou w jwenn lis lokal yopa vil : http://bit.ly/2IN1FW4  
Aktivite Pandan Vakans Ete

Elèv soti kindègatenn rive klas douzyèm ak tout paran yo kapab jwenn santèn aktivite ak resous pou kontinye aprann pandan vakans ete a pou anpeche yo fè bak pandan peryòd pa gen lekòl la. Paj entènèt la genyen aktivite pou tout sijè, lis lekti pou yo fè, enfòmasyon sou kan pandan vakans, aktivite kominotè, kote ki genyen sèvis, ak resous nan kominote a pou fanmi yo.   (Klike la a pou w li plis)
ENFÒMASYON OU DWE KONNEN

Kisa:  Ekspozisyon Sante Kominotè
Ki lè:     Samdi 3 out, 2019 - 8:00 AM-2:00 PM
Ki kote:  Boys and Girls Club Riviera Beach
                 221 W. 13 th Street, Riviera Beach, FL 33404

·          Ekzamen medikal pou rantre lekòl
·          Vaksinasyon
·          Egzamen tete
·          Egzamen Dan
·          Edikasyon sou sante ak resous
·          FOUNITI KLASIK GRATIS

Pou plis enfòmasyon, imel info@tljmedicalsociety.org oswa rele (561) 318-0814.
Tanpri suiv nou sou platfòm twitter kreyòl la?

Klike la a pou suiv nou sou Twitter @PBCSDKreyo l

Twitter se youn nan medya nou itilize pou bay nouvèl ak enfòmasyon ki soti nan distri a.
Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org 561-738-2776  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.