Y ap distribiye jiska
600 kas pou monte bisiklèt gratis
bay premye 600 moun ki vini nan aktivite “
Kid Safe Day
” la
samdi 7 avril nan
Palm Beach Outlets
soti 11:00 a.m. pou rive 2:00 pm
.
Se òganizasyon benevòl ki rele “
Safe Kids Palm Beach County
” ki ap fè distribisyon sa a pou kapab kenbe timoun yo ansekirite.
Chak timoun ki resevwa yon kas ap resevwa tou yon mayo gratis soti nan
Children’s Services Council of Palm Beach County
.