Madi 26 Fevriye 2019         
Pwogram Tech Trailblazer Kontinye ap Grandi
Elèv nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap vini pi entelijan pandan pwogram Tech Trailblazer a ap kontinye grandi. Depi li kòmanse nan mwa me 2017 la, genyen 1.702 patisipan ki genyen tablo entelijan nan klas yo nan distri a.  
Yo Pouse Dat Limit pou Aplike pou Lekòl MSAP yo 
Yo pouse dat limit pou aplike pou lekòl ki genyen finansman MSAP yo (Pwogram Asistans nan Lekòl Espesyalizasyon).
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la se te youn nan nèf distri nan tout peyi a ki te resevwa finansman sa a. Finansman twa ane sa a, ki se yon total $11 milyon, ap sèvi pou transfòme senk lekòl pou vin pwogram espesyalizasyon pou tout distri a.
Komite Direksyon Distri a Apwouve Ogmantasyon Salè Pwofesè
Nan reyinyon yo mèkredi 20 fevriye a, Komite Direksyon Distri a vote pou apwouve yon ogmantasyon salè pou pwofesè ki ap anmwayèn twa pousan.

Pwofesè yo te evalye “trè efikas” yo pou ane lekòl 2017-2018 la ap resevwa 3.5 pousan ogmantasyon sou salè debaz yo. Sa yo evalye “efikas” yo ap resevwa 2.75 pousan. Ogmantasyon an genyen ladan l .5 pousan ajisteman sou chète lavi. 


Konpliman
Doktè Donald Hoffman!

P  ou nominasyon w kòm nouvo direktè Lekòl Segondè Kominote Palm Beach Gardens.
Mwa fevriye se Mwa Istwa Nwa nan Etazini. Se mwa pou selebre istwa pèp nwa ameriken epi pou mete sou podyòm kontribisyon yo ak gwo reyalizasyon yo fè nan istwa peyi sa a.   Videyo an anglè
Tanpri suiv nou sou platfòm twitter kreyòl la?

Klike la a pou suiv nou sou Twitter @PBCSDKreyo l

Twitter se youn nan medya nou itilize pou bay nouvèl distri a.
Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org |  561-963-3820  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.