Mèkredi 8 Out 2018         

Pou asire dimansyon kilti ak lang Ayisyen yo entegre nan estrateji y ap itilize avèk elèv ak fanmi ayisyen nan Rejyon Palm Beach la, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la òganize Konferans sou Kilti ak Lang Ayisyen nan Boynton Beach High School Jedi 2 out 2018 pou pwofesè ak administrate nan Distri a ansanm ak òganizasyon kominotè ak ajans ki ofri sèvis pou elèv ak fanmi Ayisyen yo. 
Babay Edline  ! Byenvini SIS Gateway  !

SIS Gateway se yon sistèm ki ap pèmèt ou pi byen kominike ak lekòl epi pwofesè pitit ou. Li ranplase Edline . Se nouvo sistèm pou paran jwenn tout enfòmasyon sou timoun yo genyen lekòl. N ap voye lèt bay tout paran pou eksplike yo kijan pou antre nan sistèm nan.

Sistèm SIS la montre w nòt ou byen rapid. Konsa elèv kapab wè nòt yo fè nan chak klas ak ki devwa yo genyen pou fè. Li fè w konnen tou lè nòt ou desann ba anpil.

Yon Ajan Polis nan Chak Lekòl Chak Jou

Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II anonse mèkredi ap genyen on ajan polis nan chak lekòl atan pou kòmanse ane lekòl 2018-2019 la.
Direktè Anchèf Polis Frank Kitzerow ak Direktè Anchèf Operasyon distri a Wanda Paul te bay dènye enfòmasyon sa yo pandan reyinyon Komite Direksyon Distri a. 

Pou Rantre Lekòl la, Orè Bis yo Pare epi Sant Apèl la Ouvè  

Lekòl ap reouvè lendi 13 out. Orè bis yo ak pakou yo deja poste sou entènèt la epi yo disponib tou nan Sant Apèl Depatman Transpòtasyon an. Nou ankouraje paran tcheke l paske li chanje chak ane.
Pou w konnen estasyon kote bis pitit ou ap kanpe apati adrès ou oswa lekòl ou kapab rele Sant Apèl Depatman Transpòtasyon an tou.  
 
Preparasyon ak distribiye Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org |  561-963-3820  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.