Madi 14 Me 2019          
Polisye Sageny Kenbe n an Sekirite ak Kè Kontan
Jounen travay polisye Sageny Horace kòmanse ak bèl salitasyon epi anpil souri pandan l ap ouvri baryè pou elèv ak anplwaye antre nan lokal Lekòl Elemantè Highland nan vil Lake Worth. Men se pa souri li souri bay elèv yo sèlman, li ba yo ti sirèt pandan jounen tou.

“Se sekirite elèv ak staf ki se premye priyorite m,” Horace di. “Men, antanke yon paran tou, mwen konprann pwoblèm ak sitiyasyon timoun konsa mwen kapab pote pou yo sipò, èd, avèk asistans.” 

Loreya Konkou Disètasyon Mwa Eritaj Ayisyen Prezante Tèks yo  
Nan aktivite liv, miziz ak literati, ki te fèt samdi 11 me 2019 la nan bibliyotèk Lantana, loreya Konkou Disètasyon pou Mwa Eritaj Ayisyen an te prezante tèks yo ekri kote yo te resevwa prim ak sètifika yo. Loreya yo se:

- Premye Plas : Marie A. Sintulaire,
Lekòl Segondè Glades Central, Klas
12yèm
- Dezyèm Plas : Shoobie Leonard,
Lekòl Segondè Suncoast, Klas 12yèm
- Twazyèm Plas : Neila Montelus, Lekòl Segondè John I. Leonard, Klas 12yèm . (Klike la a pou w li plis)
Prepare n pou Gradyasyon

Kè tout moun cho pandan plis pase 14.000 elèv nan 32 lekòl segondè ak akademi ap prepare pou gradye. Men kèk ti konsèy pou w kapab byen planifye:
  • Sonje fè zanmi nou ak fanmi nou ki pa p kapab patisipe nan seremoni gradyasyon yo konnen yo kapab gade l sou The Education Network (T.E.N.) ki sou Comcast Kanal 235 ak sou AT&T Kanal 99. Oswa yo kapab gade l sou entènèt si yo ale sou paj PalmBeachSchools.org.  
Tanpri suiv nou sou platfòm twitter kreyòl la?

Klike la a pou suiv nou sou Twitter @PBCSDKreyo l

Twitter se youn nan medya nou itilize pou bay nouvèl distri a.
Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org |  561-738-2776  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.