Madi 4 Jen 2019          
SE SEZON VAKANS

Pase bon vakans!

Lekòl ap reouvri pou elèv lendi 12 out 2019.
Aktivite Pandan Vakans Ete
Elèv soti kindègatenn rive klas douzyèm ak tout paran yo kapab jwenn santèn aktivite ak resous pou kontinye aprann pandan vakans ete a pou anpeche yo fè bak pandan peryòd pa gen lekòl la. Paj entènèt la genyen aktivite pou tout sijè, lis lekti pou yo fè, enfòmasyon sou kan pandan vakans, aktivite kominotè, kote ki genyen sèvis, ak resous nan kominote a pou fanmi yo.   (Klike la a pou w li plis)
Sonje Vaksinasyon Bonè
Ane lekòl sa a fini. Se bon lè pou pye kout pran devan nan kous pou pran vaksen pou rantre pwochen ane lekòl la.

Depatman Edikasyon Eta Florid la ofri vaksinasyon gratis pou elèv soti laj 2 mwa pou rive nan klas 12yèm. 

Tanpri suiv nou sou platfòm twitter kreyòl la?

Klike la a pou suiv nou sou Twitter @PBCSDKreyo l

Twitter se youn nan medya nou itilize pou bay nouvèl distri a.
Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org |  561-738-2776  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.