Madi 28 Out 2018         
Paran ki pa Pale Anglè yo Genyen yon Platfòm pou Resous ak Angajman

Komite Konseye Paran (PLC nan lang anglè) se yon komite ki sèvi kòm lyezon ant paran elèv ki nan pwogram ESOL yo, administrasyon lekòl yo ak distri a pou ede kontwole aplikasyon akò yo rele  META/DOE Agreement  la. Akò sa a la pou asire tout elèv jwenn menm opòtinite nan edikasyon. (Klike la a pou li plis)
Èske w konnen nou genyen platfòm medya sosyal nan lang Kreyòl Ayisyen ?
PLATFÒM MEDYA SOSYAL KREYÒL AYISYEN - DISTRI LEKÒL REJYON PALM BEACH
Klike pou zanmi nou sou Facebook : Paj Kreyòl Distri Lekòl Rejyon Palm Beach
Klike pou suiv nou sou Twitter  : @PBCSDKreyo l
Suiv nou sou Instagram : DISTRIPBC
 
TANPRI TCHEKE KOMINIKASYON NOU SOU ENTÈNET

Nou pibliye Bilten Kreyòl Ayisyen nou ki rele ‘ ENFOME W ’ epi nou genyen tou paj entènèt kreyòl nou tou sou sit Distri a : www.palmbeachschools.org/creole
Nouvo Pwosedi pou Tout Stad nan Lekòl Segondè Distri a

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap aplike nouvo pwosedi pou tout aktivite ki ap fèt nan stad nan lekòl segondè yo.
Kòmanse ak match foutbòl ameriken ki ap fèt nan semèn sa a, se sèlman valiz plastik transparan y ap kite rantre nan stad la. Eksepte sache kouchèt bebe. Y ap fouye tout valiz.
Yo pa p kite moun rantre nan yon match apre kòmansman twazyèm pati a. Yo pa p kite okenn moun reantre nan stad la si l kite l avan yon match fini.
Yo pa p otorize moun flannen deyò estad la avan, pandan epi apre yon match fini. Depi yon match fini, tout espektatè dwe kite lokal lekòl la.
Tout lekòl dwe jwe match lakay yo a 6 p.m. depi sa posib pandan sezon foutbòl la. Nenpòt moun ki vle asiste yon match nan nenpòt lekòl segondè nan distri a dwe tcheke ak lekòl la pou konnen kilè match la ap kòmanse.
Welcome Center – Sant Dakèy Pou Paran Imigran
Pou ede paran imigran enskri pitit yo lekòl epi jwenn enfòmasyon debaz sou sistèm lekòl la ak resous ki disponib. Yo pale kreyòl, panyòl epi bay asistans nan lòt lang.
Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org |  561-963-3820  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.